Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye(bouk kabrit) ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (poul monte sou chè a), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).»
«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الجُمُعَةِ غُسْلَ الجَنَابَةِ ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْشًا أَقْرَنَ، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الرَّابِعَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ دَجَاجَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الخَامِسَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَيْضَةً، فَإِذَا خَرَجَ الإِمَامُ حَضَرَتِ المَلاَئِكَةُ يَسْتَمِعُونَ الذِّكْرَ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen sou merit ki genyen nan ale bonè nan priyè Vandredi a, Rive bonè a kòmanse depi lè solèy la leve rive jouk lè Imam nan vini; sa fè 5 peryòd tan (èdtan), epi yo divize tan ki genyen ant lè solèy la leve ak lè Imam nan antre pou li monte sou minbar(chè a)a pou fè diskou a an 5 pati egal : Premye a: Nenpòt moun ki fè yon beny konplè menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske Vandredi a nan premye moman an, se kòmsi li te bay yon chamo kòm charite. Dezyèm lan : Moun ki ale nan dezyèm peryòd la (dezyèm lè a), se kòmsi li te fè don yon bèf (yon vach) kòm charite. Twazyèm pwen an: Moun ki ale nan twazyèm lè a, se kòmsi li bay kòm charite yon belye mouton (ki se yon mouton mal) ki gen kòn. Katriyèm lan: Moun ki ale nan katriyèm lè a, se kòmsi li te bay yon poul kòm charite. Senkyèm nan: sila a ki ale nan senkyèm lè a, se kòmsi li te bay yon ze kòm charite. Lè imam nan soti pou prèch la, zanj ki te chita nan pòt yo pou ekri non moun kap antre nan moske a nan lòd yo rive a sispann ekri, epi yo vini pou yo koute rapèl la ak prèch la.
Ankourajman pou benyen nan jou Vandredi a, epi sa fèt anvan ale nan lapriyè a.
Gwo valè (merit) ki genyen lè yon moun rive bonè nan lapriyè vandredi a depi premye èdtan nan jounen an.
Ankouraje moun pou yo prese fè bon zèv.
Prezans zanj yo nan lapriyè Vandredi a ak lefètke yo koute prèch la.
Zanj yo kanpe nan pòt moske yo, yap ekri non moun kap vini yo nan lòd yo rive a, lè yap vin nan lapriyè Vandredi a.
Ibn Rajab te di: Pawòl li a: «Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a, aprèsa li ale» montre ke benyen ki rekòmande pou Vandredi a, kòmansman li se lè douvanjou kase, epi fen li se lè pou ale nan Vandredi a.
Sahih Al-Bukhari (2/ 3) (881).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 582) (850).
Plis (10)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
عبد الله البسام (ص244).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (2/ 308).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
إسماعيل الأنصاري (1/ 196).
معالم السنن (شرح سنن أبي داود).
أبو سليمان الخطابي (1/ 109).
تهذيب اللغة.
محمد الأزهري (14/ 102).
Cited in books
8 BooksPlis (8)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الجُمُعَةِ غُسْلَ الجَنَابَةِ ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْشًا
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الْجُمُعَةِ غُسْلَ الْجَنَابَةِ، ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الْجُمُعَةِ غُسْلَ الْجَنَابَةِ، ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الجُمُعَةِ غُسْلَ الجَنَابَةِ ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْشًا
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الْجُمُعَةِ غُسْلَ الْجَنَابَةِ، ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«مَنِ اغْتَسَلَ يَوْمَ الْجُمُعَةِ غُسْلَ الْجَنَابَةِ، ثُمَّ رَاحَ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَدَنَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّانِيَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ بَقَرَةً، وَمَنْ رَاحَ فِي السَّاعَةِ الثَّالِثَةِ، فَكَأَنَّمَا قَرَّبَ كَبْ
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“من اغتسل يوم الجمعة غسل الجنابة، ثم راح، فكأنما قرب بدنة، ومن راح في الساعة الثانية، فكأنما قرب بقرة، ومن راح في الساعة الثالثة، فكأنما قرب كبشا أقرن، ومن راح في الساعة الرابعة، فكأنما قرب دجاجة، ومن راح في الساعة الخامسة، فكأنما قرب بيضة،
- موسوعة الإيمان«فَإِذَا خَرَجَ الإِمَامُ حَضَرَتِ الملائِكَةُ يَسْتَمِعُونَ الذِّكْرَ».