Skip to content

Nou menm moun yo, veye kò nou ak egzajerasyon nan relijyon an, paske se egzajerasyon nan relijyon an ki te detwi moun ki te la anvan nou yo.

Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2, li te di:

Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di nan maten Al-Aqabah la, pandan li te sou chamo fenmèl li a: «Ranmase kèk ti wòch pou mwen.» Mwen te ranmase 7 ti wòch pou li, ki te menm gwosè ak ti wòch yo konn voye yo, epi li te kòmanse souke yo nan pla men li pandan lap di: «Se avèk ti wòch parèy ak sa yo pou nou voye.» Aprèsa, li te di: «O moun yo, pran prekosyon nou ak ekzajerasyon nan relijyon an, paske vrèmanvre, sa ki te detwi moun ki te anvan nou yo se ekzajerasyon nan relijyon an.»

قَالَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ غَدَاةَ الْعَقَبَةِ وَهُوَ عَلَى نَاقَتِهِ: «الْقُطْ لِي حَصًى» فَلَقَطْتُ لَهُ سَبْعَ حَصَيَاتٍ، هُنَّ حَصَى الْخَذْفِ، فَجَعَلَ يَنْفُضُهُنَّ فِي كَفِّهِ وَيَقُولُ: «أَمْثَالَ هَؤُلَاءِ فَارْمُوا» ثُمَّ قَالَ: «أَيُّهَا النَّاسُ، إِيَّاكُمْ وَالْغُلُوَّ فِي الدِّينِ، فَإِنَّما أَهْلَكَ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ الْغُلُوُّ فِي الدِّينِ».

Rapòte pa Ibn Majah, Al-Nasa'i ak Ahmad
Sahih
Esplikasyon an

Ibn Abbas (Radiyallahu anhuma) fè konnen ke li te avèk Pwofèt la (Sallallahu alayhi wa sallam) nan jou sakrifis la (Yawm al-Nahr), nan maten lè yo tap voye wòch yo sou Jamrat al-Aqaba a pandan Pelerinaj Adye a (Hajj al-Wida), Li te ba li lòd poul ranmase ti wòch pou Jamarât yo pou li, epi li te ranmase sèt (7) ti wòch pou li, chak ladan yo menm gwosè ak yon pwa chich oswa yon nwazèt. Epi Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te mete yo nan men li, aprè sa li te souke yo, epi li te di: Voye ak sa ki gen menm gwosè avè l, Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont egzajerasyon, ekstremis, ak depase limit nan zafè relijyon an, paske se depase limit, eksè, ak ekstremis nan relijyon an ki te detwi nasyon ki te la anvan yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon kont egzajerasyon nan relijyon an, ak eksplikasyon sou move konsekans li, epi lefètke li se yon kòz destriksyon.

Pran leson nan nasyon ki te la anvan nou yo, pou evite erè yo te tonbe ladan yo.

Ankourajman pou swiv Sounnah a.

Referans yo.

Sounna An-Nasa'i (5/ 268)(3057).

Sounna Ibn Majah (4/ 228) (3029).

Mousnad Ahmad (5/ 298) (3248).

Plis (4)

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص165).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص179).