Skip to content

Kite sa kap fèw doute pouw ale nan sak pap fèw doute, paske laverite bay trankilite, epi manti bay dout (oswa enkyetid).

Daprè Abou al-Hawra' as-Sa'di, li te di: Mwen te di Al-Hasan bin Ali (ke Allah satisfè yo 2 ): Kisa ou te memorize soti bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)? Li te di: Mwen te memorize soti bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

Kite sa kap fèw doute pouw ale nan sak pap fèw doute, paske laverite bay trankilite, epi manti bay dout (oswa enkyetid).

«دَعْ مَا يَرِيبُكَ إِلَى مَا لاَ يَرِيبُكَ، فَإِنَّ الصِّدْقَ طُمَأْنِينَةٌ، وَإِنَّ الكَذِبَ رِيبَةٌ».

Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kòmande pou moun kite sa yo gen dout sou li nan pawòl ak nan aksyon, kit li entèdi oswa non, kit li haram oswa halal, pou yo ale pito nan sa ki pa gen okenn dout ladan li, pami sa yo sèten ki bon epi ki halal. Paske kè a jwenn trankilite ak lapè ladan li, epi sa ki gen dout fè kè a enkyè epi li boulvèse.

Pami benefis Hadith la

Se devwa chak Mizilman poul baze zafè li sou sètitid epi abandone sa ki gen dout ladan li,epi poul gen bon konpreyansyon (vizyon klè) nan relijyon li.

Entèdiksyon pou tonbe nan bagay ki gen dout yo.

Si ou vle trankilite ak repo, kite sa ki ba ou dout epi metel sou kote.

Mizèrikòd Allah pou sèvitè li yo, se lefètke li kòmande yo sa ki pote trankilite ak kè poze, epi li entèdi yo sa ki pote enkyetid ak konfizyon.

Referans yo.

Sounna An-Nasa'i (8/ 327) (5711).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 286) (2518).

Mousnad Ahmad (3/ 248) (1723).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص29).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص153).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين للنووي وابن رجب (ص56).