Lè yon sèvitè (yon kwayan) tonbe malad oswa li nan vwayaj, yo ekri pou li (menm rekonpans) pou zèv li te konn abitye fè lèl te lakay li, epi lèl te an bòn sante a.
Epi daprè Abou Moussa al-Ash'ari (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Lè yon sèvitè (yon kwayan) tonbe malad oswa li nan vwayaj, yo ekri pou li (menm rekonpans) pou zèv li te konn abitye fè lèl te lakay li epi lèl te an bòn sante a.
«إِذَا مَرِضَ الْعَبْدُ أَوْ سَافَرَ كُتِبَ لَهُ مِثْلُ مَا كَانَ يَعْمَلُ مُقِيمًا صَحِيحًا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) fè nou konnen sou gwo favè ak mizèrikòd Allah: si yon mizilman te gen abitid fè yon bon zèv pandan li te an sante epi lèl te etabli lakay li, epi aprè sa yon anpechman (eskiz) rivel, tankou li tonbe malad e li pa ka fèl ankò, oswa li vin twò okipe akoz yon vwayaj, oubyen kèlkeswa lòt eskiz ki valab la; yap ekri rekonpans lan konplè pou li, egzakteman kòmsi li te fèl nan moman li te an bòn sante epil te lakay li a.
Grandè gras Allah sou sèvitè li yo.
Yon ankourajman pou nou fè anpil efò (travay di) nan pratik zak adorasyon yo, epi pou nou byen pwofite tan nou nan moman nou an bòn sante epi nou gen tan lib.
Sahih Al-Bukhari (4/ 57) (2996).
Plis (6)
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (1/ 36).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 211).
بهجة قلوب الأبرار وقرة عيون الأخيار في شرح جوامع الأخبار.
لعبد الرحمن السعدي (ص83).