Lè mwa Ramadan rive, fè yon Omra (ti pelerinaj), paske fè yon Omra ladan li, se menm valè ak yon hajj (gwo pelerinaj).
Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou 2, li te di:
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di yon fanm pami Ansar yo - ke Ibn Abbas te site non li, men mwen bliye non an - : «Ki sa ki te anpechew fè hajj la ansanm ak nou?» Li reponn: «Nou te genyen sèlman 2 chamo pou bwote dlo; papa pitit li a ak pitit gason li an te sèvi ak yon chamo pou yo ale fè hajj la, epi li te kite lòt chamo a pou nou pou nou te ka bwote dlo.» Lè sa a, li di: «Lè mwa Ramadan an rive, fè Oumra, paske vrèman, yon Oumra ladan li vo yon Hajj.»
قَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ لِامْرَأَةٍ مِنَ الْأَنْصَارِ سَمَّاهَا ابْنُ عَبَّاسٍ فَنَسِيتُ اسْمَهَا: «مَا مَنَعَكِ أَنْ تَحُجِّي مَعَنَا؟» قَالَتْ: لَمْ يَكُنْ لَنَا إِلَّا نَاضِحَانِ فَحَجَّ أَبُو وَلَدِهَا وَابْنُهَا عَلَى نَاضِحٍ وَتَرَكَ لَنَا نَاضِحًا نَنْضِحُ عَلَيْهِ، قَالَ: «فَإِذَا جَاءَ رَمَضَانُ فَاعْتَمِرِي، فَإِنَّ عُمْرَةً فِيهِ تَعْدِلُ حَجَّةً».
Lè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvril) te tounen soti nan pèlerenaj adye a (Hajja al-Wadaa), li di yon fanm nan moun "Ansar" yo ki pat fè pèlerenaj la: "Kisa ki te anpechew fè pèlerenaj la (Hajj) avèk nou?" Konsa, li te prezante eskiz li, li fè konnen yo te genyen 2 chamo; mari li ak pitit gason li te ale fè Hajj sou youn ladan yo, epi li te kite lòt la pou yo te kapab tire dlo nan pi a avè l. Konsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te fèl konnen ke fè yon Omra (ti pelerinaj) nan mwa Ramadan, rekonpans li se menm valè ak rekonpans yon Hajj (gwo pelerinaj).
Valè (merit) fè yon Omra nan mwa Ramadan.
Fè yon Omra (ti pelerinaj) nan mwa Ramadan, se menm valè ak yon Hajj (gwo pelerinaj) nan rekonpans, men li pa anile obligasyon pou fè Hajj la.
Rekonpans zèv yo ogmante selon grandè ak onè moman yo, epi pami sa genyen zèv ki fèt nan mwa Ramadan an.
Sahih Al-Bukhari (3/ 19) (1863).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 917) (1256).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 403).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخِن وغيره (2/ 896).
المنهاج شرح صحيح مسلم بن الحجاج.
للنووي (9/ 2).