Si yon gason depanse lajan li pou fanmi li, ak entansyon pou li jwenn rekonpans nan men Allah pou sa, sa ap konte kòm yon Sadaqah (lacharite) pou li.
Daprè Abou Mas'oud (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lè yon nonm depanse pou fanmi li, avèk espwa li ap jwenn rekonpans (nan men Allah), sa ap konte kòm yon charite (Sadaka) pou li.»
«إِذَا أَنْفَقَ الرَّجُلُ عَلَى أَهْلِهِ يَحْتَسِبُهَا فَهُوَ لَهُ صَدَقَةٌ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) fè konnen ke lè yon nonm depanse pou fanmi li, moun li gen obligasyon poul depanse pou yo tankou madanm li, paran li, pitit li ak lòt moun ankò, epi ak sa lap chache vin pi prè Allah Toupwisan an, epi lap espere jwenn rekonpans nan men Li pou sa li depanse a, alò lap jwenn rekonpans yon charite (Sadaqah).
...:
Jwenn rekonpans ak benediksyon nan depanse pou fanmi an.
Kwayan an ap chache nan aksyon li plezi Allah ak rekonpans ki nan men Li.
Li nesesè pou gen yon bon entansyon nan chak zèv, epi pami sa, lè yon moun ap depanse pou fanmi li.
Sahih Al-Bukhari (1/ 20) (55).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 695) (1002).
Plis (8)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (5/ 334).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (3/ 157).
نزهة المتقين بشرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخن وغيره (1/ 293).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
سليم الهلالي (1/ 375).