Skip to content

Lè a pap rive jiskaske yon moun pase bò kote tonbo yon lòt moun epi li di: O, si sèlman mwen te nan plas li.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Jou Jijman an pap rive jouk yon moun pase bò tonb yon lòt moun epi li di: Mwen ta swete se mwen ki te nan plas li.»

«لاَ تَقُومُ السَّاعَةُ حَتَّى يَمُرَّ الرَّجُلُ بِقَبْرِ الرَّجُلِ فَيَقُولُ: يَا لَيْتَنِي مَكَانَهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke Lè a pap rive jiskaske yon nonm pase bò yon tonb epi li swete se li ki te pou mouri nan plas li, epi rezon an se krentif li genyen pou tèt li pou li pa pèdi relijyon li a akòz dominasyon sa ki fo a ansanm ak patizan li yo, ak aparisyon tantasyon (ak tribilasyon) yo, peche yo, ansanm ak move zak yo.

Pami benefis Hadith la

Endikasyon sou aparisyon peche yo ak tantasyon yo (ak tribilasyon yo) nan dènye tan yo.

Ankourajman pou moun pran prekosyon yo, epi pou yo prepare yo pou lanmò avèk lafwa ak bon zèv, epi pou yo rete lwen kote ki gen tantasyon yo (ak tribilasyon yo) ansanm ak eprèv yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 58) (7115).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2231) (157).

Plis (4)

إكمال المعلم (8/451).

شرح ابن بطال (10/58).

الإفصاح عن معاني الصحاح (6/295).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (44/ 388).