Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen an, mwen se youn nan nou ki pi sanble ak fason Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lapriyè, jiskaske li te pati kite mond sa a.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li):
Li te konn di Allahu Akbar (Allah se pi gran an) nan chak priyè, kit se priyè obligatwa yo oswa lòt yo, kit se nan mwa Ramadan oswa andeyòl. Li te konn di Allahu Akbar lèl kanpe (pou kòmanse), epil di Allahu Akbar lèl bese pou li bese tèt (Ruku'), epi l di: "Sami'Allahu liman hamidah" (Allah tande moun ki fè lwanj pou Li), epil di: "Rabbana wa lakal hamd" (Seyè nou an, pou ou lwanj la) anvan li pwostène. Epil di: "Allahu Akbar" lèl desann pou li pwostène, epil di Allahu Akbar lèl leve tèt li soti nan pwosternasyon an, epi l di Allahu Akbar lè l pwostène (ankò), epi l di Allahu Akbar lè l leve tèt li soti nan pwostènasyon an, epi li di Allahu Akbar lèl kanpe soti nan pozisyon chita aprè dezyèm inite a (rakat). Li te konn fè sa nan chak inite jiskaske li fini priyè a. Lè li fini, li te konn di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen an, mwen se youn nan nou ki pi sanble ak fason Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lapriyè, jiskaske li te pati kite mond sa a."
أنه كَانَ يُكَبِّرُ فِي كُلِّ صَلَاةٍ مِنَ الْمَكْتُوبَةِ وَغَيْرِهَا، فِي رَمَضَانَ وَغَيْرِهِ، فَيُكَبِّرُ حِينَ يَقُومُ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْكَعُ، ثُمَّ يَقُولُ: سَمِعَ اللهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، ثُمَّ يَقُولُ: رَبَّنَا وَلَكَ الْحَمْدُ، قَبْلَ أَنْ يَسْجُدَ، ثُمَّ يَقُولُ: اللهُ أَكْبَرُ حِينَ يَهْوِي سَاجِدًا، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْفَعُ رَأْسَهُ مِنَ السُّجُودِ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَسْجُدُ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْفَعُ رَأْسَهُ مِنَ السُّجُودِ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَقُومُ مِنَ الْجُلُوسِ فِي الِاثْنَتَيْنِ، وَيَفْعَلُ ذَلِكَ فِي كُلِّ رَكْعَةٍ، حَتَّى يَفْرُغَ مِنَ الصَّلَاةِ، ثُمَّ يَقُولُ حِينَ يَنْصَرِفُ: وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ، إِنِّي لَأَقْرَبُكُمْ شَبَهًا بِصَلَاةِ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، إِنْ كَانَتْ هَذِهِ لَصَلَاتَهُ حَتَّى فَارَقَ الدُّنْيَا.
Abū Hurayrah (ke Allah kontan avèk li) ap rakonte yon pati nan fason Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lapriyè. Li enfòme nou ke lèl te konn kanpe pou li lapriyè, li te konn di Allahu Akbar (tekbir al-ihram) lè lap kòmanse, epi li te konn di Allahu Akbar lè lap deplase pou lal nan ruku' (bese tèt), lè lap pwostène, lè lap leve tèt li soti nan pwostènasyon an, lè lap fè dezyèm pwostènasyon an, lè lap leve tèt li soti nan li, epi lè lap kanpe soti nan 2 premye rakat yo aprè chita pou premye tachahhud la nan priyè ki gen 3 oswa 4 rakat yo. Aprèsa li te konn fè sa nan tout priyè a jiskaske li finil. Epi, li te konn di lè lap leve do li soti nan ruku': "Sami'Allahu liman hamidah" (Allah tande moun ki fè lwanj pou Li), epil di pandan lap kanpe: "Rabbana lakal hamd" (Seyè nou an, pou Ou lwanj la). Aprèsa , Abou Hurayrah te di lè li fini lapriyè a: Pa Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, asireman se mwen menm pami nou ki pi pwòch nan sanble ak lapriyè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), se vrèman konsa lapriyè li te ye jiskaske li te kite mond sa a.
...:
Tekbir (di Allahu Akbar) fèt pandan tout mouvman desandan ak asansyon, eksepte lè li leve soti nan ruku' (bese tèt), kote li di: "Sami'Allahu liman hamidah" (Allah tande moun ki fè lwanj pou Li).
Angajman ak atachman konpayon yo pou yo swiv egzanp Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak pou yo prezève sunnah (tradisyon) li.
Sahih Al-Bukhari (1/ 159) (803).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 293) (392).
(9/ 199).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (9/ 194).
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (6/ 80).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«أنه كَانَ يُكَبِّرُ فِي كُلِّ صَلاَةٍ مِنَ المَكْتُوبَةِ، وَغَيْرِهَا فِي رَمَضَانَ وَغَيْرِهِ، فَيُكَبِّرُ حِينَ يَقُومُ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْكَعُ، ثُمَّ يَقُولُ: سَمِعَ اللَّهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، ثُمَّ يَقُولُ: رَبَّنَا وَلَكَ الحَمْ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«أَنَّه كَانَ يُكَبِّرُ فِي كُلِّ صَلَاةٍ مِنَ المَكْتُوبَةِ، وَغَيْرِهَا فِي رَمَضَانَ وَغَيْرِهِ، فَيُكَبِّرُ حِينَ يَقُومُ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْكَعُ، ثُمَّ يَقُولُ: سَمِعَ اللَّهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، ثُمَّ يَقُولُ: رَبَّنَا وَلَكَ الح
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«أَنَّهُ كَانَ يُكَبِّرُ فِي كُلِّ صَلَاةٍ مِنَ الْمَكْتُوبَةِ وَغَيْرِهَا، فِي رَمَضَانَ وَغَيْرِهِ، فَيُكَبِّرُ حِينَ يَقُومُ، ثُمَّ يُكَبِّرُ حِينَ يَرْكَعُ، ثُمَّ يَقُولُ: سَمِعَ اللَّهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، ثُمَّ يَقُولُ: رَبَّنَا وَلَكَ ا