Nenpòt moun ki mete rad swa nan mond sa a (sou tè a), li pap mete li nan lavi aprè lanmò a (nan Paradi).
Daprè Omar (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Nenpòt moun ki mete swa nan lavi sa a, li pap metel nan lòt lavi a.»
«مَنْ لَبِسَ الحَرِيرَ فِي الدُّنْيَا لَمْ يَلْبَسْهُ فِي الآخِرَةِ».
Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) te montre aklè ke nenpòt gason ki mete swa nan monnd sa a pap metel nan lòt mond nan si li pa repanti, kòm yon pinisyon pou li.
Sa ki vize kòm « swa » a, se swa natirèl pi a; men kanta swa sentetik la (swa atifisyèl), adit saa pa konsènel.
Entèdiksyon pou gason mete swa.
Entèdiksyon pou mete swa a anglobe ni mete li kòm rad, ni etann li pou chita oubyen kouche sou li.
Li pèmèt pou gason gen yon ti pati an swa nan rad yo, depi lajè li pa depase 2 a 4 dwèt, ki sèvi kòm bann dekorasyon oswa kòm woulèt pou rad la.
Sahih Al-Bukhari (7/ 150) (5834).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1641) (2069).
Plis (2)
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (4/ 207).