Pa chèche konnen oswa poze kesyon sou bagay mwen pa di nou. Moun ki te viv anvan nou yo te detwi tèt yo paske yo te konn poze twòp kesyon (sou bagay ki pa nesesè) epi yo te toujou ap diskite lòd pwofèt yo te ba yo.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Kite m' (pa pousem nan detay) sou sam pa di nou. Se paske pèp ki te viv anvan nou yo te konn poze twòp kesyon epi yo te konn dezobeyi pwofèt yo ki fè yo te peri. Donk, sim entèdi nou yon bagay, evitel nèt; e sim ban nou yon lòd, fè tout saw kapab pouw respektel. »
«دَعُونِي مَا تَرَكْتُكُمْ، إِنَّمَا هَلَكَ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ بِسُؤَالِهِمْ وَاخْتِلَافِهِمْ عَلَى أَنْبِيَائِهِمْ، فَإِذَا نَهَيْتُكُمْ عَنْ شَيْءٍ فَاجْتَنِبُوهُ، وَإِذَا أَمَرْتُكُمْ بِأَمْرٍ فَأْتُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ».
Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) te mansyone ke règleman Lalwa (Chari'a) yo divize an 3 kategori: sa yo rete an silans sou yo, sa yo pa dwe fè, ak lòd moun dwe swiv. Kanta pou premye a: sa vle di sa lalwa (relijye) pat di anyen sou li: nan ka sa a, pa gen okenn lòd (ki obligatwa), paske prensip de baz la pou tout bagay sèke yo pa obligatwa. Kanta nan epòk li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), li te obligatwa pou evite poze kesyon sou yon bagay ki poko rive, ak krentif pou yon obligasyon oswa yon entèdiksyon pat desann sou li, paske Allah te kite yo kòm yon mizèrikòd pou sèvitè yo, Kanta pou aprè lanmò Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), si kesyon an poze pou chèche konnen yon desizyon relijye (fetwa) oswa pou aprann sa ki nesesè pou zafè relijyon, sa pèmèt, e menm ankouraje. Men, si kesyon an poze nan lide pou chèche konplikasyon, pou fè tèt di, oswa pou fè egzibisyon, se sa menm ki entèdi nan hadith sa a. Rezon an se paske sa ka mennen nan menm sitiyasyon ki te rive pèp Izrayèl la: yo te resevwa lòd pou yo sakrifye yon bèf; si yo te sakrifye nenpòt bèf, yo tap fin fè sa yo te dwe fè a. Men, yo te fè travay la vin pi difisil pou tèt yo (nan poze twòp kesyon), donk Allah te fèl vin pi difisil pou yo tou. Dezyèmman: Sa ki entèdi (nawahi); se tout sa yo rekonpanse moun ki evitel, epi yo pini moun ki fèl. Donk, li obligatwa pou evite yo tout. Twazyèmman: Lòd ; se tout sa yo rekonpanse moun ki fè li, epi yo pini moun ki abandonel. Donk, li obligatwa pou fè sa ki posib nan lòd sa yo selon kapasite chak moun.
Li nesesè pouw okipe tèt ou ak sa ki pi enpòtan e ki gen nesesite a, epi kite sa ki san nesesite nan moman an, epi pa okipe tèt ou ak poze kesyon sou sa ki poko rive.
Entèdiksyon pou poze kalite kesyon ki ka mennen nan konplike zafè relijye yo, epi ki louvri pòt pou dout ki fini pa lakòz anpil divizyon.
Lòd pou abandone tout sa ki entèdi; paske pa gen okenn difikilte nan evite yo, e se poutèt sa entèdiksyon an te fèt an jeneral (san okenn eksepsyon).
Lòd pou fè sa ki obligatwa a selon kapasite chak moun; paske yon lòd ka pote difikilte oswa moun nan ka pa kapab fèl. Se poutèt sa, lòd la te fè depann de sa yon moun kapab fè.
Entèdiksyon pou poze twòp kesyon, savan yo divize poze kesyon an 2 kategori: Premye a: sa ki fèt nan bi pou jwenn ansèyman sou sa yon moun bezwen nan zafè relijyon, donk sa a se yon bagay yo kòmande fè, epi se nan kalite sa a kesyon Konpayon yo te ye. Epi dezyèm nan: sa ki fèt nan bi pou chèche mete moun nan difikilte ak konplike bagay yo san nesesite, epi sa a se sa ki entèdi a.
Avètisman pou kominote sa a kont dezobeyi pwofèt yo, menm jan sa te rive pèp ki te viv anvan yo.
Poze twòp kesyon ki pa itil ak dezobeyi pwofèt yo se yon kòz ki mennen nan destriksyon, sitou lè se konsènan bagay li enposib pou nou konnen, tankou: zafè ki nan domèn enkoni (Envizib) ke sèlman Allah ki konnen, ak kondisyon ki pral genyen nan Jou Jijman an.
Entèdiksyon pou poze kesyon sou kesyon ki konplike (ki pa nesesè). Al-Awza'i te di: "Lè Allah vle prive youn nan sèvitè li yo de benediksyon konesans la, Li mete nan bouch li abitid poul poze kesyon ki vize pyèj oswa konfizyon; se konsa mwen te wè yo se moun ki gen mwens konesans nan tout moun." Epi Ibn Wahb te di: "Mwen te tande Malik ki tap di: Diskisyon nan konesans (deba initil) retire limyè konesans la nan kè yon moun."
Sahih Al-Bukhari (9/ 94) (7288).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 975) (1337).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 236).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 181).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 268).
Cited in books
8 BooksPlis (8)
- آداب المشي إلى الصلاة"إذا أمرتكم بأمر فأتوا منه ما استطعتم" .
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا أَمَرْتُكُمْ بِأَمْرٍ فَأْتُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ»[470].
- ما لا يسع المسلم جهله«إِذَا أَمَرْتُكُمْ بِأَمْرٍ فَأْتُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ» [11].
- مجموعة زاد الفقه (2)الفقه للمستوى الثاني ( مجموعة زاد )«إذا أمرتكم بأمر فأتوا منه ما استطعتم».
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (4)التربية الإسلامية 4«دَعُونِي ما تَرَكْتُكُمْ، إِنَّما هَلَكَ مَنْ كانَ قَبْلَكُمْ بِسُؤالِهِمْ واخْتِلاَفِهِمْ على أَنْبِيائِهِمْ، فَإِذا نَهَيْتُكُمْ عَنْ شَيْءٍ فاجْتَنِبُوهُ، وَإِذا أَمَرْتُكُمْ بِأَمْرٍ فَأْتُوا منْهُ ما اسْتَطَعْتُمْ».
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (4)التربية الإسلامية 4«إِنَّما هَلَكَ مَنْ كانَ قَبْلَكُمْ بِسُؤالِهِمْ واخْتِلاَفِهِمْ على أَنْبِيائِهِمْ»؟
- مجموعة زاد الحديث(3)1(فأتُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ)
- مجموعة زاد الحديث(3)1«فأتُوا مِنْهُ مَا استَطَعتُمْ».