"Lè youn nan nou santi yon bagay nan vant li, epi li vin gen dout èske gen yon bagay ki soti nan li ou pa, se pou li pa soti anndan moske a jiskaske li tande yon bri, oswa li pran sant yon van."
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lè yonn nan nou santi yon bagay nan vant li, epi li gen dout si gen yon bagay ki soti nan li oswa non, se poul pa soti nan Moske a jiskaske li tande yon bri, oswa li santi yon sant.»
«إِذَا وَجَدَ أَحَدُكُمْ فِي بَطْنِهِ شَيْئًا، فَأَشْكَلَ عَلَيْهِ أَخَرَجَ مِنْهُ شَيْءٌ أَمْ لَا، فَلَا يَخْرُجَنَّ مِنَ الْمَسْجِدِ حَتَّى يَسْمَعَ صَوْتًا، أَوْ يَجِدَ رِيحًا».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te eksplike ke si gen yon bagay kap deranje nan vant moun kap fè lapriyè a, epi li vin gen dout: èske gen yon bagay ki soti nan kò a oswa non? Li pa dwe kite lapriyèl la ni koupe li poul refè woudou, jiskaske li sèten gen yon bagay ki rive ki gate woudoul la; tankou lè li tande yon bri, oswal pran yon sant. Paske sa yon moun fin sèten de li pa kapab anile ak dout, epi li te deja gen sètitid li an eta pirifikasyon, alòske sa ki ta gatel la rete sèlman yon dout.
...:
Hadith sa a se yon fondasyon pami fondasyon Islam yo, ak yon prensip pami prensip jirispridans (Fiqh) yo, ki se: sètitid pa ka elimine ak dout, epi fondasyon an se kenbe sa ki te la a jan li te ye a, jiskaske gen sètitid sou lekontrè a.
Dout la pa afekte pirifikasyon an, epi moun kap fè lapriyè a rete nan eta pirifikasyon li toutotan li pa gen sètitid sou yon eta "mank pwòpte'' (al-hadath).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 276) (362).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (8/ 374).
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 608).