Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

16 of 477 cards

Clear filters
« Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), sila ki gen lafwa ki pi konplè a, se sila ki gen pi bon konpòtman an, epi pi bon moun nan pami nou, se moun ki pi bon ak madanm yo. »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
« Gen krentif pou Allah kèlkeswa kote ou ye, epi fè yon bon aksyon swiv yon move aksyon, lap efasel, epi aji ak moun avèk yon bon karaktè. »
At-Tirmidhi di: Se yon adit ki "Hasan" (bon). Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
«Moun ki fè lòt moun ditò, Allah ap fè li ditò, epi moun ki rann bagay yo difisil pou lòt moun, Allah ap rann bagay yo difisil pou li.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Pa gen anyen ki pi onorab (pi presye) devan Bondye Toupwisan an pase doua (lapriyè oswa envokasyon).
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Moun ki li yon sèl lèt nan Liv Allah a (Koran an), lap jwenn yon bon aksyon (rekonpans) pou sa, epi chak bon aksyon miltipliye pa 10. Mwen pa di "Alif-Lam-Mim" se yon sèl lèt, men Alif se yon lèt, Lam se yon lèt, epi Mim se yon lèt.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Pwofèt la (sallallahou alayhi wa sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ban mwen lasante, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»
Hassan (Akseptab) gras a temwayaj ki ranfòse l yo. Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.