Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
«Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيسنن الفطرة والسواك، موجبات الغسل، سنن وآداب الغسل، أحكام خطبة وصلاة الجمعةموضوعات الحديثسنن الفطرة، أحكام الغسل، صلاة الجمعة
«Se yon devwa pou chak Mizilman pou li benyen yon jou nan chak 7 jou, kote li lave tèt li ak kò li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأحكام الغسل، سنن وآداب الغسل، فضل يوم وصلاة الجمعةموضوعات الحديثأحكام الغسل، صلاة الجمعة
Mwen te prepare dlo pou Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te ka benyen (fè gousl), epi mwen te kouvri li avèk yon moso twal. Li te vide dlo sou 2 men li, epi li te lave yo. Aprèsa, li te vide dlo avèk men dwat li sou men gòch li, epi li te lave pati prive li. Epi li te frape men li atè, li te fwotel, aprèsa li te lave li. Epi li te rense bouch li ak nen li, epi li te lave figi li ak 2 bra li. Aprèsa, li te vide dlo sou tèt li, epi li te fè dlo koule sou tout kòl. Aprèsa, li te deplase, epi li te lave 2 pyel. Mwen te lonje yon moso twal ba li, men li pat pran li. Epi li te ale pandan li t ap souke men li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيصفة الغسلموضوعات الحديثأحكام الغسل
Mwen menm ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te konn benyen nan yon sèl veso pandan nou tou 2 te nan eta enpite majè (djanaba); epi li te konn mandem pou m mete yon twal nan ren mwen aprèsa li te konn karesem (touche m) pandan mwen te nan règ mwen; epi li te konn lonje tèt li ban mwen pandan li te nan retrèt espirityèl (i'tikaf) nan moske a, poum te lavel, alòske mwen te nan règ mwen.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالحيض والنفاس والاستحاضة، أحكام الغسل، الاعتكاف، العشرة بين الزوجينموضوعات الحديثالاعتكاف، أحكام الغسل، أحكام الحيض والنفاس