Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

7 of 477 cards

Clear filters
Gen yon gwoup moun nan mitan kwayan nan fo dye yo (Ahl al-Shirk) ki te konn touye moun epi yo te fè sa anpil, yo te konn fè adiltè (fònikasyon) epi yo te fè sa anpil. Yo te vin jwenn Muhammad (pè ak benediksyon Allah pou li) epi yo dil: 'Sa wap di a ak sa wap rele moun vini ladan li an vrèman bèl! Si sèlman ou ta ka fè nou konnen si gen yon fason pou efase epi rekonpanse pou sa nou te konn fè yo.' Lè sa a, vèsè sa a te desann: {Epi moun sa yo ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye moun Allah fè entèdiksyon pou yo touye a—eksepte si gen yon dwa legal pou sa—epi ki pa fè adiltè...} [Sourat Al-Furqan: 68]. Epi vèsè sa a te desann tou: {Di yo: 'O sèvitèm yo ki te fè abi sou tèt yo (nan fè peche)! Pa janm pèdi espwa nan mizerikòd ak jantiyès Allah...'} [Sourat Az-Zumar: 53]."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأسباب النزول، التوبة، تفسير الآيات، الإسلامموضوعات الحديثالقرآن وعلومه، سعة فضل الله عز وجل، التوبة، القنوط من رحمة اللهمحاور التعريف بالإسلامفوائد الدخول في الإسلام، النجاة بالدخول في الإسلام
« Lè final la pap rive toutotan solèy la pa leve bò kotel kouche a. Lèl leve epi moun yo wè li, yo tout ap kwè an menm tan. Men, se lè sa a vèsè a ap aplike: "Nan jou sa a, lafwa yon moun pap itil li anyen, si li pat kwè depi anvan, oswa si li pat fè byen pandan li te gen lafwa a." [Al-An'am: 158]. Lè final la ap rive toudenkou: gen 2 gason kap louvri yon twal (rad) ant yo pou yo vann, men yo pap gen tan vann li ni pliyel; lap rive pandan yon nonm fèk sot tire lèt bèt li, men lap rive anvan li gen tan bwèl; lap rive pandan yon moun ap repare basen dlo li (pou bèt li bwè), men lap rive anvan li gen tan bay bèt yo bwè ladan li; epi lap rive pandan youn nan nou ap leve manjel pou li mete nan bouch li, men lap rive anvan li gen tan manje li. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالتوبة، تفسير الآيات، أشراط الساعةموضوعات الحديثالقرآن وعلومه، أشراط الساعة، التوبةمحاور التعريف بالإسلامالمبادرة وعدم التسويف، خطورة الإعراض عن الحق
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
التصنيف الشرعيالتوبة، صلاة التطوع، تفسير الآياتموضوعات الحديثالقرآن وعلومه، سعة فضل الله عز وجل، التوبة، صلاة التطوع
«Pi gwo fòmil pou mande padon an, se pouw di: O Allah, Ou se Senyè mwen, pa gen lòt divinite esepte Ou. Ou kreyem epi mwen se sèvitè Ou, epi map kenbe angajman ak pwomès mwen fèw la daprè tout kapasitem. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont sa ki mal nan sa mwen fè. Mwen rekonèt byenfè Ou yo sou mwen, epi mwen rekonèt pechem yo. Kidonk, padonem, paske vrèmanvre, pa gen pesonn ki padone peche yo esepte Ou menm.» Li te di: «Moun ki di li pandan jounen an avèk fèm konviksyon ladan li, epi li mouri nan menm jou a anvan aswè rive, lap pami moun Paradi yo. Epi moun ki di li pandan lannwit avèk fèm konviksyon ladan li, epi li mouri anvan maten rive, lap pami moun Paradi yo.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيأذكار الصباح والمساء، التوبةموضوعات الحديثأذكار الصباح، أذكار المساء، التوبة
« Soti nan Pwofèt la (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), nan sa lap rapòte soti nan Seyè li a (Allah) ki gen tout pouvwa a, li di: "Yon sèvitè te fè yon peche, li di: 'O Allah, padone pechem lan.' Allah (ki beni epi ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche. Fè sa ou vle, paske Mwen deja padonew.'" »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، التوبةموضوعات الحديثالدعاء، سعة فضل الله عز وجل، التوبةمحاور التعريف بالإسلامصفات الله تعالى
«Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap pibliye peche yo aklè. Epi pami fason moun pibliye peche yo, se lè yon moun fè yon aksyon lannwit, aprèsa li leve nan maten pandan Allah te kache sa pou li, epi lap di: O entèl, yèswa mwen te fè tèl ak tèl bagay. Li te pase nwit la pandan Senyèl te kache li pou li, epi li leve nan maten lap retire vwal Allah te mete sou li a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيذم المعاصيموضوعات الحديثالتوبة
«Sètènman, Allah (Toupwisan ak Majestye) lonje men Li pandan lannwit pou moun ki komèt peche pandan jounen an ka repanti, epi Li lonje men li pandan jounen an pou moun ki komèt peche pandan lannwit lan ka repanti, jiskaske solèy la leve nan lwès.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالتوبة، توحيد الأسماء والصفات، أشراط الساعةموضوعات الحديثسعة فضل الله عز وجل، أشراط الساعة، التوبة