Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

35 of 477 cards

Clear filters
«Lapriyè yon moun an gwoup pi bon pase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè l fè nan machel ak 20 ak kèk degre. E sa, se paske lè youn nan yo fè ablisyon, epi li fè sa byen, epi li ale nan Moske a, san ke se pa anyen ki pousel eksepte lapriyè a, epi li pa vle anyen eksepte lapriyè a, pa gen yon pa li fè san ke yo pa elvel yon degre avèk pa sa a, epi yo efase yon peche pou li avèk li, jiskaske li antre nan Moske a. Lè li antre nan Moske a, li konsidere tankou li nan lapriyè toutotan se lapriyè a kap kenbe li. Epi Zanj yo ap priye pou youn nan nou toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: O Allah, fèl mizerikòd, O Allah, padonel, O Allah, aksepte repantans li, toutotan li pa nwi okenn moun ladan li, epi toutotan li pa kase ablisyon li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الوضوء، فضل صلاة الجماعة وأحكامها، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام الوضوء، صلاة الجماعة
«Nenpòt moun mizilman, lè lè yon priyè obligatwa rive, ki fè woudou li, konsantrasyon li ansanm ak woukou li byen, sa ap sèvi kòm padon pou tout peche li te fè anvan yo, toutotan li pa fè yon gwo peche, epi sa valab pou tout tan.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الوضوء، وجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركهاموضوعات الحديثأحكام الوضوء، مكانة الصلاة وفضلها
«Lè yonn nan nou santi yon bagay nan vant li, epi li gen dout si gen yon bagay ki soti nan li oswa non, se poul pa soti nan Moske a jiskaske li tande yon bri, oswa li santi yon sant.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالقواعد الفقهية والأصولية، نواقض الوضوءموضوعات الحديثأحكام الوضوء
«Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيسنن الفطرة والسواك، موجبات الغسل، سنن وآداب الغسل، أحكام خطبة وصلاة الجمعةموضوعات الحديثسنن الفطرة، أحكام الغسل، صلاة الجمعة
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb, epi li te di: «Anverite, yap pini yo tou 2 epi se pa pou yon gwo zafè yap pini yo, kanta pou youn nan yo, li pat konn pwoteje tèt li kont pipi li, epi kanta pou lòt la, li te konn mache ap fè tripotay.» Aprèsa li te pran yon branch palmis frèch, li fann li an 2, epi li plante youn sou chak tonb. Yo te di: O Mesaje Allah, poukisa ou fè sa? Li te di: «Petèt sa ap soulaje yo toutan yo poko sèch.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالأخلاق الذميمة، أهوال القبور، الاستنجاء وقضاء الحاجة، الحياة البرزخيةموضوعات الحديثالنميمة، الإيمان باليوم الآخر، عدم التنزه من البول
«Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيشروط الصلاةموضوعات الحديثما يَحرُمُ على المُحْدِثِ عملُه، أحكام الوضوء، شروط الصلاة
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pran dlo (fè ablisyon) pou chak lapriyè, mwen te di: «Kòman nou menm nou te konn fè?» Li te di: «Yon sèl ablisyon (Woudou) te sifi pou youn nan nou, toutotan li pat nan eta enpite (salte).»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيفضل الوضوء، سنن وآداب الوضوء، نواقض الوضوءموضوعات الحديثأحكام الوضوء
«Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيسنن الفطرة والسواكموضوعات الحديثسنن الفطرة