Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Yon mesye te mande Mesaje Allah la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "Kisa ou panse, si mwen akonpli Lapriyè obligatwa yo, mwen jene Ramadan, mwen pratike sa ki Halal, epi mwen evite sa ki Haram, epi mwen pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi?" Li reponn: «Wi». Li di: "Pa Allah, mwen pap ajoute anyen sou sa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيوجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركها، وجوب الصيام وحكم تاركه، الإسلامموضوعات الحديثالصوم الواجب، تعظيم شعائر الله وحرماته، سعة فضل الله عز وجل، التقوى، مكانة الصلاة وفضلهامحاور التعريف بالإسلامأركان الإسلام
«Anverite, sa ki halal klè epi sa ki haram klè, epi ant yo 2 a gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Donk, moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan sa ki haram, menm jan ak yon bèje kap gade bèt li yo bò kote yon patiraj rezève, li pa lwen kite bèt yo manje ladan li. Atansyon! Chak wa genyen yon zòn rezève. Atansyon! Zòn rezève Allah a, se sa Li entèdi yo. Atansyon! Nan kò a gen yon moso chè, lè li bon, tout kò a vin bon, epi lè li gate, tout kò a vin gate. Atansyon! Se kè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضائل أعمال القلوب، أعمال القلوب، الزهد والورع، تزكية النفوسموضوعات الحديثتعظيم شعائر الله وحرماته، الزهد وقِصَر الأمل، التقوى
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
التصنيف الشرعيالأخلاق الحميدة، أعمال القلوب، ذم المعاصي، صفات الجنة والنارموضوعات الحديثالزنا، اللواط، حفظ اللسان، حسن الخلق، التقوىمحاور التعريف بالإسلاممحاسن الأخلاق
Yon jou mwen te dèyè Mesaje Allah a (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), li dim konsa: « Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah. Epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew. Plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch. »
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
التصنيف الشرعيفضائل أعمال القلوب، تربية الأولاد، الإيمان بالقضاء والقدر، توحيد الألوهيةموضوعات الحديثالدعاء، حقوق الأولاد، الإيمان بالقدر خيره وشره، التوكل، التقوىمحاور التعريف بالإسلاموجوب إفراد الله بالعبادة