Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
« Mwen pral kanpe bò Basen an (Al-Hawd) ap gade kiyès nan nou kap vin jwenn mwen. Gen moun yo pral pran (yo pral retire yo lwen mwen), mwen pral di: "O Seyè mwen, yo soti nan mwen, yo soti nan kominotem!" Lè sa a, yap reponn mwen: "Èskew pa konnen sa yo te fè aprèw fin ale? Mwen fè sèman sou Allah, yo pat sispann retounen sou tras yo (yo te chanje relijyon yo oswa yo te vire do bay verite a)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالبدعة، الحياة الآخرة، الكفرموضوعات الحديثالكفر وأنواعه، البدعة، الإيمان باليوم الآخر، متابعة الرسول ﷺ
Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te resite vèsè sa a: « Se Li menm ki fè desann Liv la pou ou; gen ladan li vèsè ki klè, ki se fondasyon Liv la, epi gen lòt ki pa klè. Kanta moun ki gen devyasyon nan kè yo, yo swiv sa ki pa klè ladan li yo nan chèche kreye dezòd ak chèche entèprete yo (daprè sa yo vle). Pèsonn pa konnen entèpretasyon yo eksepte Allah Epi moun ki gen konesans ki byen chita yo di: "Nou kwè ladan li, tout soti nan men Seyè nou an." Epi se moun ki gen lespri yo sèlman ki kapab pran konsèy. » (Al-Imran: 7). Li te di: Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te di: « Lèw wè moun kap swiv sa ki pa klè ladan li yo, yo se moun sa yo Allah te nonmen yo, donk pran prekosyon avèk yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأمراض القلوب، ذَمُّ الهوى والشَّهوات، موقف أهل السنة من أهل البدع، تفسير الآياتموضوعات الحديثالمراء والجدال بالباطل، القرآن وعلومه، البدعة
«Nenpòt moun ki pote yon inovasyon (yon bagay nèf) nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa te ladan li, yap rejte li (li pa valid).» Yo tonbe dakò sou li. Epi daprè Muslim: «Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fè li a, yap voye aksyon sa a jete.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيحقيقة البدعة، قواعد معرفة البدعموضوعات الحديثالبدعة، متابعة الرسول ﷺ