Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

2 of 477 cards

Clear filters
«Sètènman, Allah pa fè kwayan an enjistis pou yon bon aksyon, yap ba li rekonpans pou li sou tè a, epi lap jwenn rekonpans pou li nan lòt lavi a. Men, kanta pou moun ki pa kwè a, yap nouri li daprè bon aksyon li te fè pou Allah sou tè a, jiskaske lè li rive nan lòt lavi a, li pap gen okenn bon aksyon pou li jwenn rekonpans pou li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li