Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

7 of 477 cards

Clear filters
Mwen te konn ekri tout sam tande nan men Mesaje Allah a poum te ka memorize yo. Men moun Quraysh yo te entèdim sa, epi yo dim: "Èske wap ekri tout saw tande nan men Mesaje Allah a, epoutan Mesaje Allah a se yon moun li ye, ki konn pale lè li fache ak lè li kontan?" Lè sa a, mwen sispann ekri, epi mwen rakonte Mesaje Allah a sa. Li lonje dwèt li sou bouch li, epi li di: «Ekri, paske mwen sèmante sou Sila a ki gen nanm mwen nan menl lan, pa gen anyen ki soti ladanl sinon verite.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud
Mwen te ale nan delegasyon Bani Amir la kote Mesaje Allah a ( se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) epi nou te di li: "Ou se Mèt nou." Li reponn: "Mèt la se Allah." Nou di ankò: "Epi ou se moun ki gen plis valè nan mitan nou, epi ki gen plis grandè a." Li di konsa: "Di pawòl nou gen pou nou di a, oswa yon pati ladan li, epi pa kite Satan pran tèt nou pou li fè nou tounen pòtpawòl li (fè nou egzajere nan fè lwanj)."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
«Tout kominotem nan ap antre nan Paradi a, esepte moun ki refize.» Yo te di: O Mesaje Allah a, epi kiyès kap refize? Li te di: «Moun ki obeyi mwen lap antre nan Paradi a, epi moun ki dezobeyi m, se li ki refize.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Revelasyon te desann sou Mesaje Allah la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) lè li te gen karantan (40 an). Li te pase trèzan (13 an) nan lavil Lamèk, aprèsa li te resevwa lòd poul fè Ejira a. Kidonk, li te fè Ejira a poul ale nan lavil Medine, epi li te pase dizan (10 an) la. Aprèsa, li te mouri (ke lapriyè ak lapè Allah sou li).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Mwen fè sèman sou non Sila a ki kenbe lavim nan men li an: Nenpòt moun nan epòk sa a (nan kominote sa a) ki tande pale de mwen, kit li se Jwif, kit li se Kretyen, epi li mouri san li pa kwè nan mesaj yo voyem avèl la, lap pami moun ki pral nan Lanfè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan, asireman pitit Mari a prèt poul desann nan mitan nou kòm yon jij ki jis, lap kase kwa a, lap touye kochon an, lap aboli Jizyah a, epi richès ap tèlman abondan jiskaske pèsonn pap aksepte l.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li