Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

36 of 477 cards

Clear filters
«Basen mwen an se distans yon mwa ap mache, dlo li pi blan pase lèt, epi li gen pi bon odè pase misk(Pafen) epi gode li yo tankou etwal ki nan syèl la, moun ki bwè ladan li pap janm swaf ankò.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Vrèmanvre, mesaj sa a ap rive tout kote lannnwit ak lajounen rive. Epi Allah pap kite okenn kay ki fèt an tè, ni okenn tant ki fèt ak pwal bèt, san Allah pa fè relijyon sa a antre ladan li ; avèk onè pou moun ki jwenn onè, oswa avèk imilyasyon pou moun ki jwenn imilyasyon, yon onè Allah ap sèvi pou li bay Islam nan onè, ak yon imilyasyon Allah ap sèvi poul imilye mekrèyans lan.» Epi Tamim Ad-Dari te konn di: Mwen te konstate sa aklè pami manm pwòp fanmim; sa ki te antre nan Islam pami yo te jwenn benediksyon, noblès ak onè, epi sa ki te rete mekreyan pami yo te jwenn imilyasyon, rabesman ak obligasyon pou mete taks (Jizya a.)
Sahih Rapòte pa Ahmad
Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, e se li ki toujou di verite a epi se li moun kwè a: «Vrèman, yo rasanble kreyasyon chak moun nan nou nan vant manman li pandan 40 jou, aprèsa li tounen yon mòso san ki kole pandan menm kantite tan sa a, aprèsa li tounen yon mòso chè pandan menm kantite tan sa a. Aprèsa, yo voye zanj lan kot li epi li soufle nanm nan ladan li, epi yo ba li lòd sou 4 bagay: pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Konsa, pa Sila a ki pa gen lòt Allah apa Li a, vrèman gen nan nou kap fè zèv moun Paradi yo jiskaske pa rete anyen ki separel ak Paradi a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo epi li antre ladan li.E vrèman, gen nan nou kap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske pa rete anyen ki separe l ak Lanfè a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Paradi yo epi li antre ladan l.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Nenpòt moun ki temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, epi Muhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, epi 'Isa (Jezi) se sèvitè Allah ak Mesaje Li, ak pawòl Li ke Li te voye bay Maryam, epi yon lespri ki soti nan Li, epi Paradi a se verite, epi Lanfè a se verite; Allah ap fè li antre nan Paradi a, kèlkeswa sa zèv li yo te ye.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li