Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

23 of 477 cards

Clear filters
Nou te fè sèman bay Mesaje Allah la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) : pou nou koute epi obeyi nan moman difisil ak nan moman fasil, lè nou byen dispoze ak lè nou santi repiyans, epi menm si yo ta bay lòt moun priyorite sou nou ; pou nou pa diskite otorite ak moun ki chèf yo, epi pou nou di laverite kèlkeswa kote nou ye, san nou pa pè okenn repwòch nan men moun kap kritike poutèt Allah.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Relijyon an se konsèy ki sensè.» Nou mande li: «Pou ki moun ?» Li reponn: «Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.»"
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan aprè mwen, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounna) ak chemen ranplasan mwen yo (Kalif) ki byen gide yo, mòde ladan l ak tout fòs dan dèyè nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout inovasyon (Bid’ah) se yon pèdi chemen."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Chak jwenti nan kò yon moun dwe fè yon charite chak jou solèy la leve: Si ou fè lapè ant 2moun, se yon charite. Si ou ede yon moun monte sou bèt li, oubyen ou edel chaje zafè li sou li, se yon lòmòn. Yon bon pawòl se yon lòmòn. Chak pa ou fè pou al nan lapriyè se yon lòmòn. Epi si ou retire yon bagay ki ka blese moun nan chemen an, se yon lòmòn
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Relijyon an se senserite (e se bay bon konsèy). Nou mande: 'Pou kiyès?' Li reponn: 'Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou lidè Mizilman yo, epi pou tout pèp la an jeneral.'
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt sèvitè Allah bay responsablite yon gwoup moun, epi jou li mouri a li mouri pandan lap twonpe moun ki anba responsablite li yo; Allah ap entèdi Paradi a pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè lanmò te prèt pou pran Abu Talib, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te vin kotel, li jwenn Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah pitit Al-Mughirah te la avèk li. Mesaje a di l: « O tonton m, di: Pa gen lòt dye Sèlman Allah yon pawòl map sèvi avèl kòm agiman pou defann ou devan Allah. » Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah di: « Èske wap abandone relijyon Abdul-Muttalib la? » Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te kontinye ap repetel sa, pandan 2 lòt mesye yo tap repete menm pawòl la ba li, jiskaske dènye pawòl Abu Talib te di yo se te: « Mwen rete sou relijyon Abdul-Muttalib », epi li te refize di: « Pa gen lòt dye Sèlman Allah». Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) di: « Pa Allah, map kontinye mande padon pou ou toutotan yo pa entèdim fè sa. » Lè sa a, Allah fè desann vèsè sa a: {Li pa konvnab pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye...} [At-Tawbah: 113], epi Allah fè desann konsènan Abu Talib, Li di Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li): {Ou pa kapab gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle.} [Al-Qasas: 56].
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim