Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
Lè yon sèvitè (yon kwayan) tonbe malad oswa li nan vwayaj, yo ekri pou li (menm rekonpans) pou zèv li te konn abitye fè lèl te lakay li epi lèl te an bòn sante a.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
« Nou tout se gadyen, epi nou responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo, epi dirijan ki alatèt moun yo se yon gadyen, epi li responsab pou yo, epi gason an se yon gadyen pou moun nan kay li, epi li responsab pou yo, epi fanm nan se yon gadyen pou kay mari li ak pitit li, epi li responsab pou yo, epi esklav la se yon gadyen pou byen mèt li, epi li responsab pou li. Konnen sa byen, nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Nou te fè sèman bay Mesaje Allah la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) : pou nou koute epi obeyi nan moman difisil ak nan moman fasil, lè nou byen dispoze ak lè nou santi repiyans, epi menm si yo ta bay lòt moun priyorite sou nou ; pou nou pa diskite otorite ak moun ki chèf yo, epi pou nou di laverite kèlkeswa kote nou ye, san nou pa pè okenn repwòch nan men moun kap kritike poutèt Allah.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Chak jwenti nan kò yon moun dwe fè yon charite chak jou solèy la leve: Si ou fè lapè ant 2moun, se yon charite. Si ou ede yon moun monte sou bèt li, oubyen ou edel chaje zafè li sou li, se yon lòmòn. Yon bon pawòl se yon lòmòn. Chak pa ou fè pou al nan lapriyè se yon lòmòn. Epi si ou retire yon bagay ki ka blese moun nan chemen an, se yon lòmòn
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt sèvitè Allah bay responsablite yon gwoup moun, epi jou li mouri a li mouri pandan lap twonpe moun ki anba responsablite li yo; Allah ap entèdi Paradi a pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè lanmò te prèt pou pran Abu Talib, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te vin kotel, li jwenn Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah pitit Al-Mughirah te la avèk li. Mesaje a di l: « O tonton m, di: Pa gen lòt dye Sèlman Allah yon pawòl map sèvi avèl kòm agiman pou defann ou devan Allah. » Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah di: « Èske wap abandone relijyon Abdul-Muttalib la? » Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te kontinye ap repetel sa, pandan 2 lòt mesye yo tap repete menm pawòl la ba li, jiskaske dènye pawòl Abu Talib te di yo se te: « Mwen rete sou relijyon Abdul-Muttalib », epi li te refize di: « Pa gen lòt dye Sèlman Allah». Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) di: « Pa Allah, map kontinye mande padon pou ou toutotan yo pa entèdim fè sa. » Lè sa a, Allah fè desann vèsè sa a: {Li pa konvnab pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye...} [At-Tawbah: 113], epi Allah fè desann konsènan Abu Talib, Li di Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li): {Ou pa kapab gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle.} [Al-Qasas: 56].
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Egzanp moun ki kanpe fèm sou limit Allah yo ak moun ki ap transgrese yo, se tankou yon gwoup moun ki te tire osò sou yon bato; kèk nan yo te jwenn pati anwo a, e lòt yo te jwenn pati anba a. Moun ki te nan pati anba a, lè yo te bezwen dlo, yo te oblije pase sou moun ki te anwo yo. Lè sa a, yo di: "Si nou fè yon twou nan pati pa nou an, nou pap deranje moun ki anwo yo." Si moun ki anwo yo kite yo fè sa yo vle a, yap peri tout ansanm; men si yo anpeche yo (pran men yo), yap sove, epi yo tout ap sove.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.