Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), lèl tap antre nan moske a, li te konn di: «Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah ki Gran an, ak figi nòb Li a, ak otorite etènèl Li a, kont Satan, sila a ki modi a.» Li di: «Èske se sa sèlman?» Mwen reponn: «Wi.» Li di: «Lèl fin di sa, Satan di: Li pwoteje anba men mwen pou rès jounen an.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud
Yon mesye te vin kot Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale avèk li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Di: Se sa Allah li menm sèl vle."
Chenn transmisyon (Isnad) li a bon (Hasan) رواه ابن ماجه والنسائي في الكبرى وأحمد
«Sètènman, Allah padone kominote mwen an poutèt mwen pou sa yo fè pa erè, sa yo bliye, ak sa yo te fòse yo fè.»
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » Rapòte pa Ibn Majah ak Al-Bayhaqi, ak lòt moun ankò
Yon gwoup moun te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te aksepte sèman fidèlite 9 nan yo, epi li te refize pou youn. Yo te di: "O Mesaje Allah, ou aksepte sèman nèf nan yo epi ou kite sa a?" Li te di: «Li gen yon tamimah sou li». Lè sa a, nonm nan te foure men li epi li te rachel. Aprèsa, li te aksepte sèman li an, epi li te di: «Nenpòt moun ki pann yon tamimah, asireman li fè Shirk(idolatri)».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad