Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

7 of 477 cards

Clear filters
«Pami sa ki fè Islam yon moun bèl se kite sa ki pa konsène li».
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » « At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »
Gen 6 kalite aksyon, epi gen 4 kalite moun. Gen 2 aksyon ki detèmine sò yon moun (obligatwa), gen aksyon ki peye menm ak menm, gen bon aksyon ki peye 10 fwa valè yo, epi gen bon aksyon ki peye 700 fwa valè yo. Konsènan 2 aksyon ki detèmine sò yon moun: Moun ki mouri san li pa janm asosye pèsonn ak Allah, lap antre nan Paradi; epi moun ki mouri pandan li tap asosye yon bagay ak Allah, lap antre nan Lanfè. Konsènan aksyon ki peye menm ak menm: Yon moun ki gen entansyon fè yon bon aksyon jiskaske kèl santil, epi Allah konnen entansyon sa a nan men li, yo ekri yon bon aksyon pou li. Yon moun ki fè yon move aksyon, yo ekri yon sèl move aksyon sou kont li. Yon moun ki fè yon bon aksyon, yo peyel 10 fwa valè aksyon sa a. Yon moun ki depanse byen li nan chemen Allah a, yo peye li yon bon aksyon ki egal ak 700 fwa valè li. Konsènan 4 kalite moun yo: 1- Moun ki jwenn anpil benediksyon nan mond sa a, men ki pral gen anpil restriksyon nan lòt mond lan. 2- Moun ki gen anpil restriksyon nan mond sa a, men ki pral jwenn anpil benediksyon nan lòt mond lan. 3- Moun ki gen restriksyon nan mond sa a epi ki pral gen restriksyon tou nan lòt mond nan. 4- Moun ki jwenn anpil benediksyon nan mond sa a epi ki pral jwenn anpil benediksyon tou nan lòt mond nan.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
Moun ki te konn anseye nou yo pami konpanyon Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te rapòte nou ke yo te konn aprann 10 vèsè nan men Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi yo pat konn pase nan 10 lòt vèsè jiskaske yo aprann sa ki nan yo kòm konesans ak pratik. Yo te di: Konsa, nou te aprann konesans lan ak pratik la.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
« Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), sila ki gen lafwa ki pi konplè a, se sila ki gen pi bon konpòtman an, epi pi bon moun nan pami nou, se moun ki pi bon ak madanm yo. »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
« Gen krentif pou Allah kèlkeswa kote ou ye, epi fè yon bon aksyon swiv yon move aksyon, lap efasel, epi aji ak moun avèk yon bon karaktè. »
At-Tirmidhi di: Se yon adit ki "Hasan" (bon). Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Pa fè kay nou tounen kavo, epi pa fè kavo mwen tounen yon kote pou fèt (oswa yon kote pou moun rasanble regilyèman pou yo selebre). Mande benediksyon (salawat) pou mwen, paske lapriyè nou an ap rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud
Pa gen anyen ki pi onorab (pi presye) devan Bondye Toupwisan an pase doua (lapriyè oswa envokasyon).
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.