Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
«Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te mande Mesaje Allah (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) sou sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm). Li te reponn: 'Byenfè se bon karaktè, epi peche se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), epi ou pa ta renmen moun wè sa'."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Tout sa ki byen se yon charite.»
Sahih Al-Bukhari rapòte l daprè Jabir, epi Muslim rapòte l daprè Hudhayfa.
«Yon Mizilman, se moun lòt Mizilman pa gen anyen pou yo pè ni nan bouch li (pawòl li), ni nan men li (aksyon li), epi yon imigran (Mouhajir), se moun ki abandone sa Allah entèdi yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Anverite, sa ki halal klè epi sa ki haram klè, epi ant yo 2 a gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Donk, moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan sa ki haram, menm jan ak yon bèje kap gade bèt li yo bò kote yon patiraj rezève, li pa lwen kite bèt yo manje ladan li. Atansyon! Chak wa genyen yon zòn rezève. Atansyon! Zòn rezève Allah a, se sa Li entèdi yo. Atansyon! Nan kò a gen yon moso chè, lè li bon, tout kò a vin bon, epi lè li gate, tout kò a vin gate. Atansyon! Se kè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Ki aksyon Allah pi renmen? » Li reponn: « Fè lapriyè (Salat) nan lè li. » Mwen mande: « Aprèsa, kisa ankò? » Pwofèt la di: « Aprèsa, se onore paran ou. » Mwen mande ankò: « Aprèsa, kisa ankò? » Pwofèt la di: « Lite (Jihad) nan chemen Allah. » Mwen di: « Se sa yo li te rakontem, epi si mwen te mandel plis, li tap dim plis toujou. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Si Muezzin nan di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), epi youn nan nou repete: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah" (Mwen temwanye ke pa gen lòt dye eksepte Allah), moun nan reponn: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah". Lèl di: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah" (Mwen temwanye ke Muhammad se mesaje Allah a), moun nan reponn: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah". Lèl di: "Hayya 'alas-salah" (Vini pou lapriyè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah" (Pa gen okenn chanjman ak okenn fòs eksepte nan Allah). Lèl di: "Hayya 'alal-falah" (Vini pou siksè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah". Lèl di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), moun nan reponn: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "La ilaha illa Allah" (Pa gen okenn dye eksepte Allah), moun nan reponn: "La ilaha illa Allah" ak senserite nan kè li, moun sa a ap antre nan Paradi a. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun kap fè tripotay pap janm antre nan Paradi a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li