Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi raze yon pati nan tèt la epi kite yon lòt.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te monte sou yon bèt (chamo), epi Mu'adh te dèyè li. Pwofèt la di: "O Mu'adh ibn Jabal!" Mu'adh reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, epi mwen pare poum obeyi ou!" Pwofèt la repete: "O Mu'adh!" Li reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, e mwen pare poum obeyi ou!" (Sa te rive 3 fwa). Epi Pwofèt la di: "Pa gen pèsonn ki temwanye sensèman nan kè li ke pa gen lòt dye eksepte Allah e ke Muhammad se mesaje Allah a, san Allah pa entèdi dife lanfè a pou li." Mu'adh di: "O Mesaje Allah, èske mwen pa dwe anonse moun yo sa pou yo ka kontan?" Pwofèt la reponn: "Si ou fè sa, yap konte sou sa (yap sispann fè efò)." Aprèsa , Mu'adh te rakonte sa anvan li mouri, paske li te pè pou li pat kache yon konesans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Li pa pèmèt pou yon gason vire do bay frèl (pa pale avè l) pandan plis pase 3 nwit. Lè yo rankontre, youn vire figil sou kote, epi lòt la fè menm bagay la. Pi bon nan yo 2 a se sila a ki pran devan pou li salye (pou l di salam).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Gen yon Mesye ki te vini jwenn Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) epi li dil: "Mwen pèdi tout mwayen mwen (mwen pa gen kote poum rete / pa gen mwayen transpò), tanpri edem ." Pwofèt la di: "Mwen pa gen anyen poum ba ou." Lè sa a, yon lòt mesye di: "O Mesaje Allah mwen ka montrel yon moun ki ka ede li." Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) reponn: "Nenpòt moun ki montre yon lòt moun chemen pou li fè yon byen, lap jwenn menm rekonpans ak moun ki fè byen an."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, moun ke Allah pi deteste a, se sila ki pi tèt di nan fè diskisyon (kont).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
'Malè pou li, aprèsa malè pou li, aprèsa malè pou li.' Yo te mande: 'Ki moun? O Mesaje Allah.' Pwofèt la di: 'Moun ki jwenn paran li yo nan vyeyès yo, youn nan yo oswa yo tou 2 epi li pa antre nan Paradi a.'
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Lè yon moun mouri, zèv li yo kanpe eksepte pou 3 bagay: eksepte pou yon charite kap kontinye, oswa yon konesans moun benefisye de li, oswa yon pitit ki dwat kap priye pou li».
Sahih Rapòte pa Mouslim