Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an, epi mwen se sèlman yon moun kap separe, e se Allah ki bay, epi Kominote sa a ap toujou kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze ak yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Youn nan nou pa dwe kenbe pati entim li ak men dwat li pandan lap pipi, ni li pa dwe netwaye tèt li ak men dwat li aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Li te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li di: "Ya Mesaje Allah, anverite Satan vin kanpe ant mwen menm ak lapriyè mwen ansanm ak lekti mwen, lap fèm pèdi twouble ladan yo." Lè sa a, Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Sa se yon Satan yo rele Khinzab, epi si ou santi li, enben chache pwoteksyon nan men Allah kont li, epi krache sou bò gòch ou 3 fwa.» Li di: Mwen te fè sa, epi Allah te chase li lwen mwen.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki prive de dousè, li prive de tout byen.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, ki 2 bagay ki garanti (Paradi ak Lanfè) yo?" Li reponn: «Moun ki mouri san li pa fè chirk, san li pa mete anyen ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki mouri pandan lap fè chirk, ki mete yon bagay ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki koupe relasyon ak fanmil pap janm antre nan Paradi a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li