Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
«An verite, Allah renmen sèvitè ki gen krentif la, ki rich la, epi ki kache a.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap vwayaje sou wout ki mennen Lamèk la, li pase bò kote yon mòn yo rele Joumdan, epi li di: "Kontinye mache, men Joumdan! Moun ki izole tèt yo pou adore Allah yo devanse tout lòt moun." Yo mande li: "Kiyès moun sa yo ye, o Mesaje Allah ?" Li reponn: "Se gason ak fanm ki sonje Allah anpil yo." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te di tonton li: "Di: Pa gen lòt dye sanble ak Allah, map temwanye pou ou konsènan sa jou jijman an." Tonton an te reponn: "Si se pat paske Quraysh (kourlayich) yo ta pasem nan rizib, yap di se paske li te pè lanmò ki fèl di sa, mwen tap fè kèw kontan (nan fè saw mandem nan)." Epi Allah te revele vèsè sa a: "Vrèman vre, ou paka gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle." [Al-Qasas: 56]
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pa mete rad swa ni rad bwode ak swa (dibaj), pa bwè nan veso ki fèt ak lò ak ajan, epi pa manje nan plat ki fèt avèk yo; paske bagay sa yo se pou yo (moun ki pa kwayan yo) nan mond sa a, epi yap pou nou nan lavi kap vini an (nan lòt mond lan).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki pa gen mizèrikòd pou moun, Allah, ki gen tout pouvwa ak grandè a, pap gen mizèrikòd pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa janm meprize okenn bon aksyon, menm si se rankontre frè ou ak yon vizaj souriyan.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki ta renmen yo ogmante pwovizyon li, epi pou yo pwolonje lavil, se pou li kenbe bon relasyon ak fanmi li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li