Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
التصنيف الشرعيالتوبة، صلاة التطوع، تفسير الآياتموضوعات الحديثالقرآن وعلومه، سعة فضل الله عز وجل، التوبة، صلاة التطوع
Mwen te memorize nan men Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) 10 raka: 2 raka anvan salat Dhuhr, epi 2 raka aprè li, epi 2 raka aprè salat Maghrib nan kay li, epi 2 raka aprè salat Isha nan kay li, epi 2 raka anvan salat Soubh. Epi se te yon moman kote moun pat konn antre kote Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Hafsa te rakontem ke lè mouezin nan te rele lapriyè a epi douvanjou kase, li te konn priye 2 raka. Epi nan yon lòt vèsyon: Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn priye 2 raka aprè lapriyè Joumou'a a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li nan tout vèsyon l yo. « Hadis sa a fè pati akò yo (rapòte pa Bukhari ak Muslim), e li enkli tout varyasyon vèsyon li yo. »
التصنيف الشرعيصلاة التطوع، السنن الرواتبموضوعات الحديثالسنن الرواتب
Mwen te rankontre Thawban, esklav Mesaje Allah a ki te libere a, se pou Allah benil epi ba li lapè, epi mwen te di: Dim yon aksyon mwen ka fè ki pral fè Allah admèt mwen nan Paradi? Oswa li te di: Mwen te di: Pa aksyon ki pi renmen anvè Allah, epi li te rete an silans. Aprèsa, mwen te mandel epi li te rete an silans. Aprèsa, mwen te mandel twazyèm fwa a, epi li te di: Mwen te mande Mesaje Allah a, Se pou Allah benil epi ba li lapè), sou sa, epi li te di: “Ou ta dwe bese tèt ou devan Allah souvan, paske ou pa bese tèt ou devan Allah yon fwa sof si Allah levew yon degre konsa epi retire yon peche nan ou konsa.” Ma’dan te di: Aprèsa, mwen te rankontre Abu al-Darda’ epi mwen te mandel, epi li te dim menm bagay Thawban te dim nan.
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضائل الأعمال الصالحة، وجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركها، صلاة التطوعموضوعات الحديثمكانة الصلاة وفضلها، صلاة التطوع