Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
«Anverite, enkantasyon yo, talisman yo, ak wanga lanmou yo se bay Allah asosye (Chirk).»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
Mwen te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) avèk entansyon pou mwen anbrase Islam, epi li pasem lòd pou mwen fè yon beny pirifikasyon ak dlo ansanm ak fèy sidr.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Yon jou, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè douvanjou (Fajr/Sobh) ansanm avèk nou, epi li te mande: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Li te mande ankò: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Lè sa a li te di: «Anverite, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè. Si nou te konnen tout benediksyon ak rekonpans ki genyen nan 2 priyè sa yo, nou tap vin ladan yo menm si se trennen sou jenou nou ta dwe trennen. Epi premye ranje nan lapriyè a tankou ranje zanj yo; si nou te konnen tout valè li genyen, nou tap kouri pou nou pran plas la an premye. Lapriyè yon gason fè ansanm ak yon lòt gason gen plis valè (ak plis rekonpans) pase lèl priye poukont li, epi lapriyè li fè ansanm ak 2 gason gen plis valè pase sa li fè ak yon sèl gason. Plis moun yo anpil, se plis sa fè Allah plezi.»
Sahih Se Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ahmad ki rapòte li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), chak fwa li te konn soti nan twalèt, li te konn di: «Mwen mande Ou padon».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
"Nou pat konn konsidere koulè maron an (Kudrah) ak koulè jòn la (Sufrah) kòm anyen ditou aprè fanm nan fin wè li pwòp."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak pawòl sa yo, epi Al-Bukhari rapòte li san adisyon (aprè pirifikasyon an).
"Pa gen okenn jou kote bon aksyon yo pi renmen devan Allah pase jou sa yo" — sa vle di 10 premye jou [Dhul-Hijjah] yo. Yo di: "O Mesaje Allah, pa menm Jihad nan chemen Allah a?" Li di: "Pa menm Jihad nan chemen Allah a, eksepte yon moun ki ta soti ak pwòp tèt li ansanm ak byen li, epi li pat tounen ak anyen nan sa."
Sahih Rapòte pa Al-Boukhari ak Abou Dawoud, epi pawòl yo se pal.
«Pa gen maryaj esepte avèk yon wali.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«O Bilal, tabli lapriyè a, ban nou repo ak li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud