Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

8 of 477 cards

Clear filters
Gen 4 defo si yon moun genyen yo nèt, li se yon vrè ipokrit. Epi si li gen yon sèl nan kalite sa yo nan li, sa vle di li gen yon tras (yon branch) nan ipokrizi nan li jiskaske li kite li: depi lap pale li bay manti, depil pwomèt li pa kenbe pawòl li, depil nan diskisyon (oswa an kòlè) li depase limit nan lenjistis (ak move pawòl), epi depi fè yon kontra (oswa yon sèman) li trayil.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Gen 4 defo, si yon moun genyen yo tout nèt, li se yon ipokrit san melanj. Si li gen yonn ladan yo, li gen yon mak ipokrizi nan li jouk li chanje sa. Men yo: Lè lap pale, li bay manti. Lèl fè yon pwomès (yon kontra), li pa kenbe l. Lèl pwomèt, li pa kenbel. Lèl nan diskisyon (nan kont), li derespektan epi li aji mal nèt».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Si 2 Mizilman rankontre ak nepe(zam ,kouto) yo, moun ki touye a ak moun yo touye a ap nan lanfè», epi mwen te di: O Mesaje Allah, sa se moun ki touye a, men e moun yo touye a? Li te di: «Paske li te detèmine poul touye kamarad li».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, egzanp bon konpayon an ak move konpayon an se tankou moun kap pote pafen ak fòjwon kap soufle dife a. Pou moun kap pote pafen an: swa li fèw kado ladan li, swa ou achte nan men li, oswa ou pran yon bon lodè sou li. Men, pou fòjwon kap soufle dife a: swa li boule rad ou, oswa ou pran yon move lodè sou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap pibliye peche yo aklè. Epi pami fason moun pibliye peche yo, se lè yon moun fè yon aksyon lannwit, aprèsa li leve nan maten pandan Allah te kache sa pou li, epi lap di: O entèl, yèswa mwen te fè tèl ak tèl bagay. Li te pase nwit la pandan Senyèl te kache li pou li, epi li leve nan maten lap retire vwal Allah te mete sou li a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Èske mwen pa dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?» 3 fwa, yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Bay Allah asosye, ak dezobeyi paran yo.» Epi li te chita pandan li te apiye, epi li di: «Atansyon, ak fo pawòl (fo temwayaj).» Li di: Epi li te kontinye ap repetel jiskaske nou te di: Nou ta swete li te fè silans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Gwo peche yo se: bay Allah asosye, maltrete paran, touye moun, ak sèmante sou manti.»"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.