Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

50 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (35)
Yon Mesye te mande Mesaje Allah a (ke lapè Allah ak benediksyon li sou li): "Èskew panse sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, mwen evite sa ki entèdi a, epim pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi a?" Li (Pwofèt la) reponn: "Wi."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pami sa ki fè Islam yon moun bèl se kite sa ki pa konsène li».
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » « At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »
«Nenpòt moun pami nou ki wè yon move zak, se poul chanjel ak men li; epi si li pa kapab, ak lang li; epi si li pa kapab, ak kè li, epi sa a se nivo lafwa ki pi fèb la.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Sètènman, Allah tabli obligasyon, donk pa negleje yo, epi Li fikse limit, donk pa depase yo, epi Li entèdi kèk bagay, donk pa vyole yo, epi Li rete an silans sou kèk bagay kòm mizèrikòd pou nou, se pa paske Li bliye, donk pa chèche fouye sou yo.»
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » Rapòte pa Ad-Daraqoutni nan Sunan li ak lòt moun.
«Sètènman, Allah Granmèt la di: Nenpòt moun ki fè lènmi ak yon moun ki pwòch mwen (yon wali), mwen deklare lagè kont li. Epi sèvitèm nan pa pwoche vin jwenn mwen ak okenn bagay mwen pi renmen pase sa mwen rann obligatwa pou li a. Epi sèvitèm nan ap kontinye pwoche vin jwenn mwen atravè zak adorasyon siplemantè (nawafil) yo jiskaske mwen vin renmenl. Lè mwen vin renmenl, mwen tounen zòrèy li tande avèl la, zye li wè avèl la, men li aji avèl la, ak pye li mache avèl la. Epi sil mandem yon bagay, asireman map balil, epi sil chèche pwoteksyon nan mwen, asireman map pwotejel.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.