Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

42 of 477 cards

Clear filters
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun pami nou ki wè yon move zak, se poul chanjel ak men li; epi si li pa kapab, ak lang li; epi si li pa kapab, ak kè li, epi sa a se nivo lafwa ki pi fèb la.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Sètènman, Allah Granmèt la di: Nenpòt moun ki fè lènmi ak yon moun ki pwòch mwen (yon wali), mwen deklare lagè kont li. Epi sèvitèm nan pa pwoche vin jwenn mwen ak okenn bagay mwen pi renmen pase sa mwen rann obligatwa pou li a. Epi sèvitèm nan ap kontinye pwoche vin jwenn mwen atravè zak adorasyon siplemantè (nawafil) yo jiskaske mwen vin renmenl. Lè mwen vin renmenl, mwen tounen zòrèy li tande avèl la, zye li wè avèl la, men li aji avèl la, ak pye li mache avèl la. Epi sil mandem yon bagay, asireman map balil, epi sil chèche pwoteksyon nan mwen, asireman map pwotejel.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
"«Relijyon an se konsèy ki sensè.» Nou mande li: «Pou ki moun ?» Li reponn: «Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.»"
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Bay tete entèdi sa nesans entèdi. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan aprè mwen, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounna) ak chemen ranplasan mwen yo (Kalif) ki byen gide yo, mòde ladan l ak tout fòs dan dèyè nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout inovasyon (Bid’ah) se yon pèdi chemen."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.