Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

7 of 477 cards

Clear filters
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, Ibn Hibban nan Sahih li a, ak Al-Hakim ki rapòte li.
"«Se pou lang ou toujou rete mouye ak sonje Allah (Dhikr).»"
Sahih Se Ahmad, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ibn Hibban ki rapòte li.
"Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan aprè mwen, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounna) ak chemen ranplasan mwen yo (Kalif) ki byen gide yo, mòde ladan l ak tout fòs dan dèyè nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout inovasyon (Bid’ah) se yon pèdi chemen."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
Kite sa kap fèw doute pouw ale nan sa kap baw asirans.
Sahih Se At-Tirmidhi ak An-Nasa'i ki rapòte li.
«Ou poze kesyon sou yon gwo bagay, epi li vrèman fasil pou moun Allah fèlnfasil pou li: se pouw adore Allah san ou pa asosye okenn bagay avèl, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la. Aprèsa li di: Èskem pa dwe montre ou pòtay byen yo? Jèn nan se yon pwoteksyon, lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife, ak lapriyè yon moun nan mitan lannwit. Aprèsa, li resite: {Kò yo kite kabann yo} jiskaske li rive {sa yo te konn fè}. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sak pi enpotan an , poto mitan li, ak pwent tèt li? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah. Li di: Tèt zafè a se Islam, poto mitan li se Lapriyè, epi pwent tèt li se Jihad. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sa ki kenbe tout sa yo ansanm? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah! Lè sa a, li kenbe lang pal la epi li di: Kontwole sa a pou ou. Mwen di: O Pwofèt Allah! Èske yap rann nou kont pou sa nou ap pale? Li di: Se pou manman ou pèdi ou! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas atè oubyen li te di: sou nen yo – esepte rekolt lang yo?»!
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«O jenn gason! Mwen pral montrew kèk pawòl : Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li bò kote ou, si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah, epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew; plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch.»
Sahih « At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »