Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

14 of 477 cards

Clear filters
« Lè Allah te fin kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li) nan Paradi a. Li di li: "Ale wè li, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki gen pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen yon moun kap tande pale de li kap rete san li pa antre ladan l." Lè sa a, Allah bay lòd pou yo antoure Paradi a ak difikilte (sa moun pa renmen fè), epi li dil: "Ale wè li ankò, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre yo." Jibril ale, li gadel, epi li wè li antoure ak tout sa ki difisil, li di: "Mwen sèman sou pouvwa w la! Mwen pè pou pa gen pèsonn ki rive antre ladan li." Allah di li: "Ale gade Lanfè a, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li wè kote flanm dife yo ap monte sou tèt youn lòt (youn ap vale lòt). Li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen pèsonn kap antre ladan l." Lè sa a, Bondye bay lòd pou yo antoure Lanfè a ak tout kalite dezi (bagay ki atire moun). Epi li dil: "Tounen gade li." Jibril ale, li gadel, li wè li antoure ak tout kalite dezi, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Mwen pè pou pa gen pèsonn kap chape anba li, pou tout moun pa antre ladan l." »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), lèl tap antre nan moske a, li te konn di: «Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah ki Gran an, ak figi nòb Li a, ak otorite etènèl Li a, kont Satan, sila a ki modi a.» Li di: «Èske se sa sèlman?» Mwen reponn: «Wi.» Li di: «Lèl fin di sa, Satan di: Li pwoteje anba men mwen pou rès jounen an.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud
Yon mesye te vin kot Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale avèk li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Di: Se sa Allah li menm sèl vle."
Chenn transmisyon (Isnad) li a bon (Hasan) رواه ابن ماجه والنسائي في الكبرى وأحمد
«Yon moun swiv relijyon zanmi pwòch li, kidonk se pou chak moun pami nou gade byen ki moun lap pran kòm zanmi.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
"«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a» Yo te mande: E kisa ki Chirk ki pi piti a, o Mesaje Allah? Li di: «Riya, Allah Toupwisan an ap di yo nan Jou Rezirèksyon an lè moun yo ap jwenn rekonpans pou aksyon yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè wè pou yo nan lavi mond sa a, epi gade pou nou wè èske nap jwenn okenn rekonpans bò kote yo?»."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
«Sètènman, Allah padone kominote mwen an poutèt mwen pou sa yo fè pa erè, sa yo bliye, ak sa yo te fòse yo fè.»
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » Rapòte pa Ibn Majah ak Al-Bayhaqi, ak lòt moun ankò
Li pa fè pati de kominote nou an, nenpòt moun ki chèche siy nan zwazo (sipèstisyon) oswa ki fè sa pou lòt moun, nenpòt moun ki pratike divinasyon oswa ki fè sa pou lòt moun, oubyen nenpòt moun ki pratike maji oswa ki mande pou yo fè maji pou li. Nenpòt moun ki fè maji , epi nenpòt moun ki al wè yon divinò epi li kwè nan sal di, li deja rejte nan sa ki te desann sou Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
« Bon » ou « Byen » Se Al-Bazzar ki rapòte li.