Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

99 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (48)
Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, ki 2 bagay ki garanti (Paradi ak Lanfè) yo?" Li reponn: «Moun ki mouri san li pa fè chirk, san li pa mete anyen ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki mouri pandan lap fè chirk, ki mete yon bagay ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Moun ki envite lòt moun nan yon bon chemen, lap jwenn menm rekonpans ak tout moun ki swiv li, san sa pa wete anyen nan rekonpans pa yo; epi moun ki envite lòt moun nan yon move chemen , lap pote menm peche ak tout moun ki swiv li, san sa pa wete anyen nan peche pa yo.
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Moun kap rann bagay yo konplike san rezon , pèdi nèt." Li te di sa 3 fwa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Sètènman, Allah pa fè kwayan an enjistis pou yon bon aksyon, yap ba li rekonpans pou li sou tè a, epi lap jwenn rekonpans pou li nan lòt lavi a. Men, kanta pou moun ki pa kwè a, yap nouri li daprè bon aksyon li te fè pou Allah sou tè a, jiskaske lè li rive nan lòt lavi a, li pap gen okenn bon aksyon pou li jwenn rekonpans pou li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te bò kote Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li), nou te 9 oswa 8 oswa 7 moun, epi li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Kòm nou te fèk sot fè yon sèman, nou te reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Nou reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di ankò: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Li (raportè a) di: Lè sa a, nou te lonje men nou epi nou di: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah, kidonk sou kisa pou nou fè sèman ba ou kounye a? Li di: «Sou angajman pou nou adore Allah san nou pa asosye okenn bagay avèk li, pou nou akonpli 5 priyè yo, epi pou nou obeyi» —epi li te ajoute yon pawòl an sekrè tou ba— «epi pou nou pa mande moun anyen.» Depi lè a, mwen te konn wè kèk pami gwoup moun sa yo, lè fwèt youn ladan yo te konn sot tonbe, li pa tap janm mande okenn moun pou pase li ba li anyen.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Egzanp ipokrit la se tankou yon mouton ki egare ant 2 twoupo, lap ale nan sa a yon fwa, epi lap ale nan lòt la yon fwa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Mwen di: O Mesaje Allah, kisaw panse de bagay mwen te konn fè kòm adorasyon nan epòk inyorans lan , tankou bay lacharite (Sadaqa), oswa libere esklav, epi kenbe bon relasyon ak fanmi, èske gen rekonpans pou yo? Lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Ou aksepte Islam ansanm ak tout bon zèv ou te fè anvan yo.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li