Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

35 of 477 cards

Clear filters
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Moun ki gen mizèrikòd yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo. Gen mizèrikòd pou moun ki sou tè a, Sila ki nan syèl la ap gen mizèrikòd pou nou."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
Se pou Allah fè mizèrikòd ak yon moun ki gen bon kè (ki toleran e ki fasil) lè lap vann, lè lap achte, epi lè lap reklame lajan moun dwe li.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Gen yon Mesye ki te vini jwenn Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) epi li dil: "Mwen pèdi tout mwayen mwen (mwen pa gen kote poum rete / pa gen mwayen transpò), tanpri edem ." Pwofèt la di: "Mwen pa gen anyen poum ba ou." Lè sa a, yon lòt mesye di: "O Mesaje Allah mwen ka montrel yon moun ki ka ede li." Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) reponn: "Nenpòt moun ki montre yon lòt moun chemen pou li fè yon byen, lap jwenn menm rekonpans ak moun ki fè byen an."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Yon kwayan se pa yon moun kap denigre moun, ni kap modi moun, ni kap di pawòl sal ni ki vilgè.»
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
"Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ni grosye, ni li pat konn fè fòse pou li grosye, epi li te konn di: «Moun ki pi bon pami nou yo se sa ki gen pi bon moralite a.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li