Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

33 of 477 cards

Clear filters
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Te gen yon mesye ki te konn prete moun lajan, e li te konn di sèvitèl la: "Lè ou al jwenn yon moun ki nan difikilte pou li peye, padonel (oswa fèl yon rabè), petèt Allah ap padone nou tou." Lè mesye a te mouri epi li rankontre Allah, Allah te padone li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«An verite, Allah renmen sèvitè ki gen krentif la, ki rich la, epi ki kache a.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki pa gen mizèrikòd pou moun, Allah, ki gen tout pouvwa ak grandè a, pap gen mizèrikòd pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa janm meprize okenn bon aksyon, menm si se rankontre frè ou ak yon vizaj souriyan.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Si yon moun renmen frè li (pou tèt Allah), se pou l fè l konnen ke li renmen l.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.