Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

33 of 477 cards

Clear filters
«Bonte se gen bon karaktè, epi peche a se sa kap trakase nan kè ou, epi ou pa ta renmen moun konnen li.»
Sahih Premye adis la: Rapòte pa Mouslim, ak dezyèm adis la: Rapòte pa Ahmad ak Ad-Darimi.
Mwen konseye nou pou nou toujou di laverite, paske laverite mennen nan fè sa ki byen (ladwati), epi fè sa ki byen mennen nan Paradi a. Yon moun ap kontinye di laverite epi chèche di sa ki vrè jiskaske Allah ekri non li kòm yon moun ki fidèl e sensè nèt (Siddīq). Epi fè atansyon ak manti, paske manti mennen nan move zak, epi fè move zak mennen nan Lanfè. Yon moun ap kontinye bay manti epi chèche bay manti jiskaske Allah ekri non li kòm yon gwo mantè.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki fò a se pa moun ki konn bat moun nan goumen, men moun ki fò a se moun ki kontwole tèt li lè li an kòlè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki defann onè frè li, Allah ap repouse Dife a lwen vizaj li nan Jou Jijman an».
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
​"Pami sa moun yo te kenbe nan ansèyman premye pwofèt yo (ki te rive rive jis jodi a), se pawòl sa a: 'Si ou pa gen wont (menm), fè sa ou vle.'"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Moun ki prive de dousè, li prive de tout byen.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, avèk bon karaktè li, kwayan an rive atenn degre moun kap jene ak moun kap priye a.»
Li otantik gras ak prèv ki kore li yo. Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
«Dousè (Rifq) pa janm nan yon bagay san li pa rann bagay sa a bèl, epi yo pa janm retire dousè nan yon bagay san yo pa rann li lèd.».
Sahih Rapòte pa Mouslim