Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Yon mesye te poze Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou Lè a (Jou Jijman an), li te di: "Kilè Lè a ap ye?" Pwofèt la di: "E kisa ou te prepare pou li?" Mesye a reponn: "Anyen, eksepte ke mwen renmen Allah ak Mesajel la (lapè ak benediksyon Allah sou li)." Lè sa a, Pwofèt la di: "Ou pral ansanm ak moun ou renmen an." Anas (sekrètè Pwofèt la) te di: "Nou pa janm te kontan pou anyen jan nou te kontan pou pawòl Pwofèt la lèl te di: 'Ou pral ansanm ak moun ou renmen an.'" Anas te ajoute: "Mwen menm, mwen renmen Pwofèt la, Abou Bakr, ak Oumar, epi mwen espere map ansanm avèk yo gras avèk lanmou mwen genyen pou yo a, menmsi zèv mwen pa rive nan nivo zèv pa yo."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Okenn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen mwen plis pase papal, pitit li, ak tout moun nèt.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn repete souvan: «O Ou menm kap vire kè yo, kenbe kè mwen fèm sou relijyon Ou an.» Lè sa a, mwen te di: "O Mesaje Allah, nou kwè nan ou ak nan sa ou pote a, èske ou gen krentif pou nou?" Li reponn: «Wi, san dout, kè yo nan mitan 2 dwèt pami dwèt Allah yo, Li vire yo jan Li vle.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li