Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

15 of 477 cards

Clear filters
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen maladi atrapan ('Adwa), ni move siy (sipèstisyon), ni zwazo kap pote malè (Hamah), ni move chans nan mwa Safar , epi kouri pou moun ki gen lèp la menm jan wap kouri pou yon lyon».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap pibliye peche yo aklè. Epi pami fason moun pibliye peche yo, se lè yon moun fè yon aksyon lannwit, aprèsa li leve nan maten pandan Allah te kache sa pou li, epi lap di: O entèl, yèswa mwen te fè tèl ak tèl bagay. Li te pase nwit la pandan Senyèl te kache li pou li, epi li leve nan maten lap retire vwal Allah te mete sou li a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Nou te ansanm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te tande yon gwo bri ki tonbe. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di konsa: «Èske nou konnen kisa sa ye?» Nou reponn: « Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.» Li di: «Sa a se yon wòch yo te voye jete nan dife Lanfè a depi swasanndis (70) lane, li tap tonbe desann nan dife a jiska kounye a kote li rive nan fon li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li