Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn estènye, li te mete men li -oswa rad li- sou bouch li, epi li te bese -oubyen diminye- vwa li avèk li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
"«Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Èske nou konnen sak rele medizans? » Yo reponn: « Allah ak Mesaje li a konnen pi byen. » Li di: « Se lè ou pale mal sou frèw la dèyè dol, yon fason ki tap fè li fache. » Yo mandel: « E si sam ap di sou frèm nan se verite? » Li reponn: « Si sa wap di a se verite, ou fè medizans sou li; e si sa wap di a pa verite, ou kalomnyel. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Dwa yon mizilman genyen sou yon lòt mizilman se 5: reponn salitasyon an, vizite moun malad, swiv fineray yo, aksepte envitasyon, epi beni moun ki etènye a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li