Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

50 of 477 cards

Clear filters
Gen yon Mesye ki te vini jwenn Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) epi li dil: "Mwen pèdi tout mwayen mwen (mwen pa gen kote poum rete / pa gen mwayen transpò), tanpri edem ." Pwofèt la di: "Mwen pa gen anyen poum ba ou." Lè sa a, yon lòt mesye di: "O Mesaje Allah mwen ka montrel yon moun ki ka ede li." Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) reponn: "Nenpòt moun ki montre yon lòt moun chemen pou li fè yon byen, lap jwenn menm rekonpans ak moun ki fè byen an."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, moun ke Allah pi deteste a, se sila ki pi tèt di nan fè diskisyon (kont).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Yon kwayan se pa yon moun kap denigre moun, ni kap modi moun, ni kap di pawòl sal ni ki vilgè.»
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
"Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ni grosye, ni li pat konn fè fòse pou li grosye, epi li te konn di: «Moun ki pi bon pami nou yo se sa ki gen pi bon moralite a.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Anverite, moun ki aji ak jistis yo ap bò kote Allah sou fotèy ki fèt ak limyè, sou bò dwat Sila ki gen Tout Mizèrikòd la (Sila ki gen Pouvwa ak Grandè a), epi tou 2 men li yo se men dwat. Se yo menm ki aji avèk jistis nan jijman yo, nan fanmi yo, epi nan tout sa ki sou responsablite yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Sètènman, pami sa moun yo te rive jwenn nan pawòl premye pwofesi a se: Si ou pa gen wont, fè sa ou vle. »
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.