Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

30 of 477 cards

Clear filters
Sètènman, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan nivo zepòl li lè lap kòmanse lapriyè a, epi lè li tap di Allahou Akbar poul fè Woukou, ak lè li te leve tèt li sot nan Woukou a, li te leve 2 men li menm jan an tou, epi li te di: «Allah tande moun kap fè lwanj pou Li a, O Senyè nou, epi se pou Ou tout lwanj yo ye», epi li pat konn fè sa lè lap fè Soujoud.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyem Tashahhud la, pandan men mwen te nan men li, menm jan li te konn anseyem yon sourat nan Koran an: 'Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, e mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel.' Nan yon lòt vèsyon yo, li te ajoute: 'Vreman vre, Allah se As-Salam (Sous lapè a). Kidonk, lè youn nan nou chita nan lapriyè a, se poul di: Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah . Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Lèl di sa, salitasyon an rive sou chak sèvitè dwat Allah nan syèl la ak sou tè a. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah , epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li. Aprèsa li ka chwazi nenpòt sal ta renmen mande Allah»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Lè nou tande apèl la (Azàn nan), di menm sa muezzin an ap di a. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te memorize nan men Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) 10 raka: 2 raka anvan salat Dhuhr, epi 2 raka aprè li, epi 2 raka aprè salat Maghrib nan kay li, epi 2 raka aprè salat Isha nan kay li, epi 2 raka anvan salat Soubh. Epi se te yon moman kote moun pat konn antre kote Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Hafsa te rakontem ke lè mouezin nan te rele lapriyè a epi douvanjou kase, li te konn priye 2 raka. Epi nan yon lòt vèsyon: Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn priye 2 raka aprè lapriyè Joumou'a a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li nan tout vèsyon l yo. « Hadis sa a fè pati akò yo (rapòte pa Bukhari ak Muslim), e li enkli tout varyasyon vèsyon li yo. »
«Moun ki bliye yon lapriyè, se poul priye lè li sonje li, pa gen okenn ekspyasyon pou li eksepte sa: {Epi akonpli lapriyè pou sonje Mwen} [Taha: 14]».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye(bouk kabrit) ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (poul monte sou chè a), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Ousmane ibn Affan te vle bati moske a, men moun yo pat renmen sa, epi yo te pito pou li kite li nan eta li te ye a, epi li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Moun ki bati yon moske pou Allah, Allah va bati pou li yon parèy li nan Paradi.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Mwen te resevwa lòd pou mwen fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò mwen: sou fwon an—epi li te montre nen li ak men li—, 2 pla men yo, 2 jenou yo, ak pwent dwèt pye yo, epi pou nou pa pliye rad nou ak cheve nou».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li