Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
"Egzanp kwayan ki li Koran an se tankou fwi Utrujja a (sitwon an), sant li bon epi goul bon. Epi egzanp kwayan ki pa li Koran an se tankou dat la, li pa gen sant epi goul dous. Epi egzanp ipokrit ki li Koran an se tankou plant Rayhana a (bazilik la), sant li bon epi goul anmè. Epi egzanp ipokrit ki pa li Koran an se tankou fwi Hanzala a (kolokent lan), li pa gen okenn sant epi goul anmè."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيوصف القرآن وفضائله، الإيمان، النفاقموضوعات الحديثتلاوة القرآن، الإيمان
«Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأذكار الصباح والمساء، فضائل السور والآياتموضوعات الحديثالذِّكْر، أذكار الليل، فضائل السور والآيات
«An verite, Allah bay moun ki fè enjistis la yon delè, jiskaske lè Li pinil Li pap kitel chape.» Li di: Aprèsa, li li: «{Epi se konsa chatiman Seyè ou la ye lè Li pini vil yo pandan yap fè enjistis. An verite, chatiman Li a fè mal anpil epi li rèd.} [Houd: 102]»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالأخلاق الذميمة، تفسير الآيات، توحيد الأسماء والصفاتموضوعات الحديثالظلم
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te remake absans Thabit, pitit gason Qays. Yon Mesye te di: «O Mesaje Allah, mwen pral chèche konn nouvèl li pou ou.» Konsa, li ale kote li epi li jwenn li chita lakay li avèk tèt li bese. Li mande li: «Kisa ki pase ou?» Li reponn: «Se yon move bagay. Mwen te monte vwa mwen pi wo pase vwa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), konsa zèv mwen yo anile, epi mwen fè pati moun lanfè yo.» Mesye an te tounen vin jwenn Pwofèt la epi li enfòmel ke li te di tèl ak tèl bagay. Aprèsa, li te retounen jwenn li yon dènye fwa avèk yon gwo bòn nouvèl, paske Pwofèt la te di li: «Ale jwenn li epi di li: Anverite, ou pa fè pati moun lanfè yo, men ou fè pati moun Paradi yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالصحابة وفضلهم، أسباب النزولموضوعات الحديثحقوق النبي ﷺ، الصحابة رضي الله عنهم، الخوف