Sa a se yon san maladi (ki soti nan yon venn), men ou dwe sispann lapriyè kantite jou ou te abitye fè règ ou yo, epi aprèsa ou va benyen epi ou va priye.
Sòti nan men Aisha, manman kwayan yo (se pou Allah satisfè avèk li) ke Fatima bint Abi Hubaish te mande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah a sou li), li di:
« Mwen gen yon san ki ap koule sipleman , kidonk mwen pa janm pwòp, èskem dwe sispann lapriyè? » Li reponn: « Non, sa a se yon san ki soti nan yon venn, men ou dwe sispann lapriyè kantite jou ou te abitye fè règ ou yo, epi aprèsa ou va benyen epi ou va priye. »
إِنِّي أُسْتَحَاضُ فَلاَ أَطْهُرُ، أَفَأَدَعُ الصَّلاَةَ؟ فَقَالَ: «لَا، إِنَّ ذَلِكِ عِرْقٌ، وَلَكِنْ دَعِي الصَّلاَةَ قَدْرَ الأَيَّامِ الَّتِي كُنْتِ تَحِيضِينَ فِيهَا، ثُمَّ اغْتَسِلِي وَصَلِّي».
Fatima, pitit fi Houbeich, te mande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li), epi li te di: «Mwen gen yon san ki pa janm kanpe, epi li kontinye menm andeyò peryòd règ la. Èske règleman sa a se menm ak règleman règ la, poum kite lapriyè?» Lè sa a, Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di li: Se yon ekoulman san li ye, epi se yon san maladi ki soti nan yon venn ki pete nan matris la, se pa san règ li ye, Lè lè peryòd ou a rive – daprè abitid regilye ou te genyen anvan maladi san kap koule an sipleman te kòmanse a – sispann fè lapriyè, jèn, ak tout lòt aktivite lalwa entèdi fanm ki gen règ fè pandan tan sa a. Lè kantite jou sa yo fini, sa vle di ou vin pwòp aprè règ la, lave kote san an te ye a, epi benyen tout kòw nèt pouw retire estati enpwòpte a, epi aprèsa fè lapriyèw.
...:
Se yon devwa pou yon fanm benyen lè jou règ li yo fini.
Obligasyon pou fanm kap senyen andeyò règ li fè lapriyè.
Règ la: Se yon san natirèl ki soti nan matris la pase nan pati entim yon fanm ki majè, epi li konn genyen lan kèk jou ki byen detèmine.
Istinad la : Se yon san kap koule andeyò peryòd nòmal li; li soti nan pati ki pi ba nan matris la, men li pa soti nan fon matris la.
Diferans ant san règ la ak san Istinad la se: san règ la nwa, li epè epi li gen move odè; kanta pou san Istinad la, li wouj, li klè epi li pa gen move odè.
Sahih Al-Bukhari (1/ 72) (325).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 262) (333).
Plis (6)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص77).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 63).
خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.
لفيصل آل مبارك (ص40).