Skip to content

Nenpòt moun ki pase nwit Laylat al-Qadr (Nwit Desten an) ap lapriyè avèk lafwa epi nan chèche rekonpans nan men Allah ,lap jwenn padon pou tout peche li te fè anvan sa.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Sila a ki priye pandan Laylatoul Qadr avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone»

«مَنْ يَقُمْ لَيْلَةَ الْقَدْرِ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ»

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) enfòme nou sou merit ki genyen nan veye nwit Laylat al-Qadr (Nwit Desten an), ki tonbe nan 10 dènye jou mwa Ramadan an. Nenpòt moun ki fè efò nan nwit sa a nan lapriyè, nan lapriyè (doua), nan li Koran an, epi nan fè dhikr (evokasyon Allah), pandan lap gen lafwa nan sa, li kwè nan merit li genyen, epi lap chèche rekonpans Allah nan aksyon li an, san li pa chèche fè moun wè ni pou moun pale de li, Allah ap padone tout peche li te fè anvan sa.

Siyifikasyon mo yo

إيمانًا: تصديقًا بالله وبوعده.

احتسابًا: طلبًا للثواب والأجر من الله عز وجل.

Pami benefis Hadith la

Merit ki genyen nan nwit Laylat al-Qadr (Nwit Desten an) ak ankourajman pou nou pase nwit sa a ap adore Allah.

Bon aksyon yo aksepte sèlman avèk senserite nan entansyon yo.

Se gras ak mizèrikòd Allah, paske sila a ki priye pandan Laylatoul Qadr avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 16) (35).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 523) (760).

(2/ 846).

Plis (10)

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (14/ 435).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 337).

نزهة المتقين.

شرح النووي على مسلم (6/ 40).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 220).

شرح صحيح البخاري.

لابن بطال (4/ 21).