Li pat janm di yon jou: "Seyè, padone pechem nan jou jijman an."
Bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:
Mwen te di: "O Mesaje Allah! Ibn Judan te konn kenbe lyen fanmi nan epòk pre-islamik (Anvan islam) la (Jahiliyyah), epi li te konn bay pòv yo manje. Èske sa ap itil li?" Li te reponn: "Sa pap itil li, paske li pat janm di yon jou: 'Seyè, padone pechem nan Jou Jijman an.'"
قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، ابْنُ جُدْعَانَ كَانَ فِي الْجَاهِلِيَّةِ يَصِلُ الرَّحِمَ، وَيُطْعِمُ الْمِسْكِينَ، فَهَلْ ذَاكَ نَافِعُهُ؟ قَالَ: «لَا يَنْفَعُهُ، إِنَّهُ لَمْ يَقُلْ يَوْمًا: رَبِّ اغْفِرْ لِي خَطِيئَتِي يَوْمَ الدِّينِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pale de Abdullah ibn Joud'an, epi li te pami chèf Kouraysh yo anvan Islam, Epi pami bon aksyon li yo sèke: li kenbe lyen ak fanmi li epi li fè byen ak yo, li bay malere manje, ansanm ak lòt pami vèti Islam ankouraje pou moun fè yo, men aksyon sa yo pap itil li nan lavi kap vini an; epi sa se akòz li refize kwè nan Allah, epi paske li pat janm di yon jou: Seyè, padone pechem nan jou Jijman an.
Eksplikasyon sou valè lafwa (Iman), epi li se yon kondisyon pou Allah aksepte aksyon yo.
Yon analiz sou move konsekans enkredilite a, ak fason li anile tout bon aksyon yo.
Moun ki pa kwè yo, aksyon yo pap itil yo anyen nan lavi aprè a, paske yo pa kwè nan Allah ak nan jou dènye a.
Bon aksyon yon moun te fè pandan li te enkredil (kafir), yo ekri pou li si li konvèti (nan Islam), epi lap resevwa rekonpans pou yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 196) (214).
Plis (6)
شرح النووي على مسلم (3/87).
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 459).
إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري (4/ 170).
التنوير شرح الجامع الصغير (2/364).
فتح المنعم (2/54).
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (3/ 455).