Li pa fè pati de kominote nou an, nenpòt moun ki chèche siy nan zwazo (sipèstisyon) oswa ki fè sa pou lòt moun, nenpòt moun ki pratike divinasyon oswa ki fè sa pou lòt moun, oubyen nenpòt moun ki pratike maji oswa ki mande pou yo fè maji pou li.
Soti nan Imran bin Hussayn (ke Allah kontan avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Li pa fè pati de kominote nou an, nenpòt moun ki chèche siy nan zwazo (sipèstisyon) oswa ki fè sa pou lòt moun, nenpòt moun ki pratike divinasyon oswa ki fè sa pou lòt moun, oubyen nenpòt moun ki pratike maji oswa ki mande pou yo fè maji pou li. Nenpòt moun ki fè maji , epi nenpòt moun ki al wè yon divinò epi li kwè nan sal di, li deja rejte nan sa ki te desann sou Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
«لَيْسَ مِنَّا مَنْ تَطَيَّرَ أَوْ تُطُيِّرَ لَهُ، أَوْ تَكَهَّنَ أَوْ تُكُهِّنَ لَهُ، أَوْ سَحَرَ أَوْ سُحِرَ لَهُ، وَمَنْ عَقَدَ عُقْدَةً، وَمَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti nenpòt moun pami kominote li a ki fè kèk aksyon, avèk pawòl li kote li te di: "li pa fè pati nou (li pa swiv chemen nou an nèt)", epi pami yo genyen: Premye a: "Moun ki pratike sipèstisyon oswa yo pratikel pou li". Orijin pratik sa a se te lage zwazo lè yap kòmanse yon travay, tankou yon vwayaj, yon biznis, oswa lòt bagay. Si zwazo a vole sou bò dwat, moun nan pran sa kòm yon bon siy (optimis) epi li kontinye sal vle fè a. Si zwazo a vole sou bò gòch, li pran sa kòm yon move siy (pesimis) epi li sispann pwojèl la. Li pa pèmèt pouw fè sa pou tèt ou, ni pouw mande yon lòt moun fè li pou ou. Epi, sa enkli tout fòm pesimis pou nenpòt bagay, kit se yon bagay ou tande oswaw wè, kit se zwazo, bèt, moun ki gen enfimite, chif, jou, oswa nenpòt lòt bagay. Epi dezyèm nan: «Moun ki aji kòm divinò oswa yo fè sa pou li», kidonk moun ki pretann li konnen sa ki kache (lavni) lè li sèvi ak zetwal yo ak lòt bagay ankò, oswa li ale jwenn moun ki pretann li konnen sa ki kache tankou yon divinò ak tout moun ki sanble ak yo, epi li kwè li nan sa lap di sou pretansyon li fè kòmkwa li konnen sa ki kache a; li demanti sa ki te desann sou Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li. Twazyèmman: "Moun ki fè maji oswa ki mande pou yo fè maji pou li", se moun ki fè maji a ak pwòp tèt li, oswa ki chaje yon moun fè yon maji pou li; pou li ka fè yon moun byen oswa poul fèl mal, oswa li mare yon ne nan yon fil epi li fè maji sou li pandan lap resite fòmil ak priyè majik ki entèdi epi li soufle sou li.
...:
Obligasyon pou nou fè konfyans (Tawakkul) nan Allah, kwè nan desten Allah (Qadar) ak sa Li deside, epi entèdiksyon pou nou pratike sipèstisyon, pesimis, maji, ak divinasyon, oswa pou nou mande moun kap fè bagay sa yo pou fè yo pou nou.
Pretann yon moun konnen konesans sou sa ki kache (lavni), se yon zak asosyasyon (Shirk) ki kontredi prensip inite Allah a (Tawhid).
Li entèdi pou nou kwè nan sa divinò yo di oswa pou nou ale wè yo. Sa gen ladan li tou lekti sa yo rele "li nan men", "li nan gode kafe", ak gade nan "siy zodiac (oroskòp)", menm si se pou kiryozite sèlman.
Plis (11)
مسند البزار = البحر الزخار (9/ 52) (3578).
شرح السنة للبغوي (12/ 182).
مجموع الفتاوى (35/ 173).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 543).
التمهيد لشرح كتاب التوحيد.
لصالح آل الشيخ (ص315).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص242).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص217).
Cited in books
7 BooksPlis (7)
- حكم السحر والكهانة(من أتى كاهناً فصدّقه بما يقول فقد كفر بما أنزل على محمد -صلى الله عليه وسلم- )
- حكم السحر والكهانة(من أتى كاهناً فصدقه بما يقول فقد كفر بما أنزل على محمد -صلى الله عليه وسلم- )،
- حكم السحر والكهانة(من أتى كاهناً فصدقه بما يقول فقد كفر بما أنزل على محمد -صلى الله عليه وسلم- )،
- عقيدة الأئمة الأربعة«لَيْسَ مِنَّا مَنْ تَطَيَّرَ أَوْ تُطِيِّرَ لَهُ، أَوْ تَكَهَّنَ أَوْ تُكُهِّنَ لَهُ، أَوْ سَحَرَ أَوْ سُحِرَ لَهُ»،
- كتاب التوحيدكتاب التوحيد للشيخ محمد بن عبد الوهاب((مَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ صلى الله عليه وسلم))
- كتاب التوحيدكتاب التوحيد للشيخ محمد بن عبد الوهاب((لَيْسَ مِنَّا مَنْ تَطَيَّرَ أَوْ تُطُيِّرَ لَهُ، أَوْ تَكَهَّنَ أَوْ تُكُهِّنَ لَهُ، أَوْ سَحَرَ أَوْ سُحِرَ لَهُ، وَمَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ صلى الله عليه وسلم))
- مطوية الرقيةالرقية الشرعية - 1" ليس منّا مَن تطيّر أو تُطير له، أو تكهّن أو تُكهّن له، أو سَحر أو سُحر له، ومن أتى كاهناً فصدقه بما يقول فقد كفر بما أنزل على محمد ".