Skip to content

Moun ki akonpli 2 priyè nan lè fre yo (Fajr ak Asr) ap antre nan Paradi.

Daprè Abu Musa Al-Ash'ari (ke Allah satisfè avè l): Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki priye 2 lapriyè nan moman fre yo (Fajr ak Asr), lap antre nan Paradi a»

«مَنْ صَلَّى ‌الْبَرْدَيْنِ دَخَلَ الْجَنَّةَ»

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li) te ankouraje pou veye anpil sou lapriyè nan 2 moman fre yo (al-Bardayn), ki se lapriyè devanjou (Fajr) ak lapriyè nan apremidi (Asr), epi li te anonse bòn nouvèl bay moun ki akonpli yo kòmsadwa ak tout dwa yo, tankou respekte lè yo, fè yo an gwoup, ak lòt ankò, ke yap sèvi kòm yon kòz pou li antre nan Paradi.

Pami benefis Hadith la

Merit ki genyen nan fè efò pou toujou kenbe lapriyè devanjou a (fajr) ak lapriyè aprèmidi a (asr) ; paske lapriyè devanjou a fèt nan moman dòmi pi dous, epi lapriyè aprèmidi a fèt nan moman yon moun okipe ak travay li. Konsa, moun ki rive kenbe yo tou 2 avèk plis rezon lap rive kenbe rès lapriyè yo.

Yo rele priyè Fadjr ak Asr "Al-Bardayn" (2 priyè fre yo); paske nan priyè Fadjr gen frechè lannwit lan, epi nan priyè Asr gen frechè lajounen an. Menm si li fèt nan yon moman ki cho, chalè a ap toujou mwens pase moman ki te anvan li an. Oswa tou, yo ba yo non sa a kòm yon fòm jeneralizasyon, menm jan yo konn di: " 2 Lalin yo" pou fè referans ak solèy la ak lalin lan.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 119) (574).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 440) (635).

Plis (4)

نزهة المتقين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 159).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 187).